Newsletter
Email:
Poll: Satistaction
Etes vous satifait de la gestion de Mme. Pierre Louis
Home | Nos Bloggers | En Kreyol ak Dom Laj | Sa’k pase djaspora?

Sa’k pase djaspora?

Taille de la police: Decrease font Enlarge font

Tabarre, HaïtiAnn Ayiti, li toujou fasil pou ba moun non pou diminye li oubyen youn etikèt degradan e menm malonnèt, derespektan kòm si moun sa pa gen plas li nan sosyete-a. Se kòm si dire, nou plase sèlman pou denigre e non pa pa pou ankouraje, respekte younn-lòt pou lavi a kapab amelyore pou penmèt tout moun degaje yo e debwouye yo kòm Mèt Jan-Jak.

Yè aprè midi, vè 2 zè sonan, nou asiste youn djalòg sere ant 3 zanmi ki te trè anime. Younn ladan yo ap viv nan Bwouklin, younn nan vil Nouyòk-la. Andre, Franswa ak Makso rive fè youn konvèzasyon ki fè anpil sans ke’n oblije pote’l pou ou san nou pa wete ni mete paske nou respekte zafè moun.

Franswa : Andre, mwen avèk ou nèt aprè midi-a. Tout kote ou vle ale, m’ap avèk ou san pwoblèm. Mwen konnen kokorat yo byen, ansanm ak kidnapè, bann san manman yo. Se bagay mwen kwè n’ap debarase avèk yo  paske pa gen youn lapriyè ki pa gen amèn.

Andre : Franswa, mwen apresye sa anpil. Ou toujou dispoze pou ede moun. Ou pa janm chanje. Se sa ki fè valè youn moun, ede youn lòt e lonje men ba li san panse ak rekonpans.

Franswa : Pa gen anyen serye nan lavi a, sitou lè youn nèg ap viv nan peyi Dayiti kote valè moral-la manke e ke respè a pèdi pou toutan. Younn dwe ede lòt, se sa Bondye mande e se sa zanzèt nou yo te aprann nou e kite pou nou kòm eritaj avèk youn endepandans ke nou pa rive kenbe pou fè etranje respekte nou.

Andre : Depi’m konn Andre, li toujou gen referans pou tout bagay e li toujou pran istwa peyi a pou li pwouve reyalite-a. Monchè, ou bon. Se domaj dirijan bò isi pa konn sa ki rele gouvène  e dirije youn peyi. Se toujou medjokrite ki okipe plas pouvwa-a. Nèg yo pran responsabilite yo ala lejè pou penmèt lòt nasyon ap lonje dwèt sou nou. Mwen kwè ou te gen chans pou wè nan entènèt kòman prezidan nou an komèt youn tenten.

Franswa : Ki tenten sa?

Andre : Nan tout wèb sayt se ti Rene y’ap montre an chemiz pami 13 pezidan ki te poze pou youn foto souvni pandan youn rankont entènasyonal. M’sye degize moun yo . Sa fè anpil nan nou endiye. Si m’sye te frè’m oubyen kouzen’m, mwen t’ap bali 2 zoklo nan tèt kale bobis li-a. Non se pa serye sa. Jan otrefwa, reprezantan nou yo te gen pestij lakay yo. Depi lavalas pran pouvwa-a, tout bagay ateri nan lanmè pou fè fon. Anverite, lavalas-la pa fouti gen lòt non ke destriksyon. An menm tan misye komèt youn lòt ak nan rale men prezidan meriken-an Barak Obama tankou ti moun maledve ki pa konn lè youn moun ap pale oubyen okipe. Sa parèt ridikil. Bagay yo plis ke grav. Mwen pa kwè se youn trikay ki fèt-la.

Franswa : Sa pa etone’m ditou paske sa’w manje, se li ou vomi. Pa gen sa ki rele pwotokòl. Se pa premye fwa ke prezidan Preval ap fè sa. Si Prezidan pa gen prestij, kòman pou tout moun k’ap swiv li kapab fè bon bagay. Depi’w asepte gouvène sou dominasyon, ou pèdi tout sans ou. Nou mele!

Andre : Fòk mwen di-w tou ke misye t’ap goumen avèk ou. Swa li kase djòl ou san pwoblèm oubyen ou leve anlè, ou fese atè. Mouche sa-a, papa, li pa mens non e li pa pote pantalon pou bèl twèl.

Franswa : Adye frè, sak ki vid pa janm kanpe.

Andre : Sa mwen konnen, m’sye pa youn nèg ki mens. Li gen aksyon nan li menm. Se meleyis-meleyo.

Franswa : adye frè, sèl pa janm vante di’l sale.

Andre : Antouka, Franswa, nou pa mele sèlman, nou fout antrave, avili, imilye. Tande non Franswa, si youn Prezidan monte sou pouvwa-a depi 3 zan, li pa janm prezante youn bilan e men youn plan bay pèp li-a pou pwouve pèp sa l’ap fè pou mennen peyi a nan bon direksyon, ou pa fouti konte sou li nan pèfòmans e menm abiman. M’sye anraje.

Franswa : Pi mal ke kòk graje lakay Bèlanje. Prezidan Preval, mwen gen anpil respè pou ou. Sepandan, fòk mwen di’w : «  Peyi a fini nan men ou. ». Youn Prezidan ki pa kapab regle anyen  dwe demisyone paske’l pa ala otè tach li. Ayiti vrèman pa gen chans Li pran pè ak agwonòm jiskaske li vin tounen youn peyi pèpè sou dominasyon pèpè. Pa gen anyen serye nan peyi a. Nale lekòl pou gran mesi paske nou pa fouti jwenn anyen pou fè. Nou rete ap grate-santi. Sa pote dekourajman pou nou menm ki jèn-nan e menm pou fanmi nou ki lite anpil pou ba nou ti pen enstriksyon ke mesye yo fè nou vale glòt.

Andre : Ou gen rezon Franswa. Se medjokrite-a ki fè nou nan ka. Mesye yo vwayaje, yo wè e yo konstate. Pasyon yo se plen pòch. Yo tout gen dwèt long-siperyè.

Franswa : ou pa manti menm. Nèg yo konprann dirije youn peyi se vin plen pòch. Si’w pa gen konpetans e konn sa yo rele jesyon-an, ou pa fouti fè wonn dèyè pòt. Nou bezwen mounn konpetan pou jere zafè peyi a. Nou dwe fè edikasyon pèp-la. Si mesye nan radjo te vle pran 3 sekond pou yo vin ak youn slogan pou  edike nou, li t’ap byen bon pou nou sa aprann chwazi. Nou pa konn chwazi ditou.

Andre : Ou di youn bagay la ki gen fon e youn enterè spesyal. Nou bezwen youn bagay konsa pou motive pèp-la, pou louvri je’l. Si nou pa fè sa pou li sa leve kanpe, n’ap toujou anba okipasyon malatchonn sa-a ki gaye nan peyi-a. Mesye yo prefere viv sou dikta, olye yo travay serye e an konsekans pou rebati peyi a ki pran twòp kou. Nou dwe fè ebranle revolisyon-an etan youn pèp souvren.

Franswa : Li fasil. Men nou dwe òganize nou pou tout bagay pase byen. Se youn tèt ansanm pou nou fè pou nou di sètase.

Youn edikasyon jeneral pou youn chanjman total

Makso : O, o! Se pa Andre sa?

Andre : Se li menm anchè e an zo; fis pou lavi e rès-la pou latè. Sa k’ap fèt Makso?

Makso : Gade djaspora-a non. Depi’w wè djaspora-a ou pa fouti pa rekonèt li.

Andre : Makso, nou leve ansanm depi nou te tou piti zwit. Mwen se Ayisyen natif natal. Mwen pa rele djaspora. Ou konnen mwen pa janm renmen kalifikatif sa yo. Fòk nou chanje mantalite.

Makso : Sa’k te gentan genla? Se tout moun  laba nou rele djaspora pou nou sa distenge yo avèk moun isi.

Andre : Enben, apati jodi a n’ap sispan rele youn frè’n ak sè’ djaspora pou nou sa sispann mete divizyon ak ekatman nan sen nou. Nou tout se Ayisyen . Pa fouti gen youn pòsyon djaspora e youn lòt Ayisyen.

Franswa; Ou gen rezon Andre. Bagay sa mete twòp dezinyon ki lakoz okenn pitit tè-a k’ap viv aletranje vin travay pou chanje lakay. Yo pran yo tout kòm pitit youn lòt manman, men ki gen menm papa. Se poutèt sa mwen te pale de youn revolisyon pou chanje bagay yo. Si nou te kontinye li ou etidye ti liv plat-la Enstriksyon Sivik ak Moral, nou tap konnen kòman nou dwe aji e konpòte nou. Gen youn travay serye ki dwe fè nan sosyete-a. Travay sa pral travay Makso, Andre ak mwen e avèk tout sa ki vle pou nou sa chanje konpòtman frè’n ak sè’n ki bezwen anpil èd sou tout plan.

Andre : Nou gen youn pèp ki bon men li pa jwenn bon direksyon. Nou pa pral monte yo kòman pou yo jwe ak dife pou yo brile men kòman yo dwe sèvi pou epaye tout danje ak aksidan pou nou sa gen youn peyi djanm. Mwen kwè Makso pa gen dwa rele’m djaspora ankò e lòt moun tou.

Franswa : mwen kwè ke Makso konprann paske nou vle ede’l.

Maskso : jiska prezan, nou poko di’m anyen-la pou pwouve’m lekontrè.

Andre : Ti gason ou fè’m kontan ou. Dayè se kesyon sa mwen t’ap tann nan men ou. Mwen konnen ou te gen li pou mwen.  Ou fè’m kontan! Mwen te pote youn kichòy pou ou, mwen pral ogmante sou li. Nou se nèg entèlijan. Se bagay Franswa konnen.

Franswa : Pozitif!

Andre : Mesye, pandan mwen dèyè-a, mwen panse avèk nou anpil. Se toutan lide’m ap frape sou nou pou’m wè kòman mwen ka ede nou. Mwen pral travay sou youn pwojè pou kreye travay pou nou avèk lòt yo. Kòm nou isi, nou ka wè ki sa nou ka fè pou nou ouvri youn biznis. Nou pral gen tan pou nou pale sou sa paske mwen dwe Makso youn repons.

Makso : Andre, mwen déjà gen youn ide  sou ki sa nou dwe debouche pou biznis-la. Kòm ou di, n’ap kite sa pou aprè paske konsèy w’ap ban nou yo ka trè enteresan.

Andre : Mwen kwè y’ap trè itil pou sosyete-a e se konsa n’ap ranvèse tout vye tenten ki tounen youn pongongon pou nou ak peyi a. Pa gen rezon pou met divizyon antre nou. Misye blan ak frè Konze fè tout sa yo konnen pou yo bafwe nou e divize nou. Yo fè nou viv nan rayisman paske lajan-an fò sou yo e yo konn kòman pou yo manipile nou. Si nou ke yo rele vye non sa te mechan, anverite, peyi a t’ap fini. Nou kontribiye anpil nan ekonomi peyi nou e nou dwe konside ke nou se youn fòs tou.  Franswa ak Makso, nou pase lekòl e se nan domèn nou m’ap pale. Se pa pedan m’ap fè, se youn verite.

Makso : Jiska prezan ou anfòm sou kesyon-an. Nou rekonèt ke ansanm Ayisyen k’ap viv lòt bò dlo se youn soutyen pou nou ann Ayiti. Dirijan nou yo pa vle nou patisipe nan koze peyi a pou nou sa pa anpeche yo vòlè. Mwen kwè si nou fè youn chen solidarite nan fè pèp-la konnen wòl li nan aparèy leta e nan tout bagay nan peyi-a, bagay yo ap chanje. Mwen pa di kapab chanje, mwen di l’ap chanje. Sa siyifi se fwa mwen gen nan travay sa ki pou fèt-la. Mwen te toujou pale sa avèk Franswa. Nou di se youn revolisyon ki pou fèt nan peyi a pou mete tout vye ganeman yo deyò.

 

Bagay yo dwe chanje

Andre : Monchè, ou pa manti paske Franswa te koumanse pale avèk mwen. Nou dwe ouvri je nou pou nou sa wè sa k’ap pase. Pa gen etranje k’ap vin fè pou nou. Se nou menmAyisyen ki dwe rekonstwi peyi nou.

Franswa : Alelouya! Monchè, nou te gen youn move panse de konfrè nou yo k’ap viv aletranje. Nou panse yo se youn pak`et mechan ki vle vin fè dappiyan sou pouvwa-a.  Mwen te twonpe anpil. Jodi a ou ouvri lespri’m pou apiye nou nan tout sa n’ap fè. Mwen wete kwè ke chanjman peyi pa pou lontan. Nan echèk medjokrite sa yo, chodyè manje-a ap  chavire.

Makso : Ou pa manti ditou paske gen anpil frè ak sè nou yo ki bezwen youn chanjman total kapital. Lavalas pase li pote tout bagay ale. Li vle pou nou toujou rete ap pran chalè solèy-la san nou pa janm gen chans pou nou goute frechè nan lonbraj kote dlo ap koule fre. Mwen li nan jounal anpil konsèy mesye nan peyi etranje bay gouvènman pou youn amelyorasyon, li pa okipe yo paske sa yo di y opa antre nan jesyon k’ap enpoze yo vòlè. Nou gen youn pak`et reyaksyonè, ti sousou, tchoul blan k’ap mate nou. Anverite, gen youn apèl ke tribinal popilè gen pou fè pou pini tout move sije. Sèlman ya di pèp-la mechan, men fòk yo pa bliye tout mechanste yo fè. Prezidan Preval gen chans toujou pou li ta rantre tèt dwèt nan listwa men li kite y’ap dirije’l pou’l fè tenten. Mwen regrèt sa pou li kòm youn nèg ki malad.

Franswa : Antouka, « malè avèti pa janm touye kokobe. »

Andre : Mesye, mwen kontan nou pou refleksyon nou. Se pa ti mesye lontan ki te avantire yo nan labatwa pou yo toufe yo. Mesye yo ki te konn kritike sevèman rejim Duvalier-a komèt plis tenten. Peyi a pa’t nan eta sa sou Duvalier. Mwen konnen se te youn diktati ki te ann Ayiti men peyi a te pwòp e moun te kapab viv. François Duvalier te pran anpil brimad ke tout prezidan ki te pase sou pouvwa a. Malgre tout li te kenbe pou peyi a pat vin tounen youn savann tankou jodi a. Ti kominis pizannit yo te bay anpil pwoblèm san yo pat konnen ki kote yo te prale. Mwen gen anpil mwen byen avèk yo ki regrèt enfiniman yo te pran direksyon sa kip a mennen yo okenn kote. Pa gen moun ki kapab demanti nou. Mwen kwè jodi a, nou dwe retounen nan sous nou pou nou ede peyi nou, Ayiti. Youn sèl peyi sa nou genyen, nou dwe fyè de li.

Franswa : Pou bagay yo chanje

Makso : Fòk nou tout pitit konsène

Andre :Konnen tout bon vre sa nou vle

Makso : Nan youn aksyon byen prepare

Franswa : Ki pa fouti gen fòs kote.

Andre : Ni pou anpeche nou vanse

Franswa :E mete nou nan tèt chaje.

Andre : Ti moun, gran moun leve kanpe

Makso : Moman nou t’ap tann-nan rive

Franswa : An nou di ansanm : « Sètase. »

Makso : Nou bezwen bon sekirite

Andre : Pou nou tout kapab ankadre

Makso : Dirijan ki madre nan panse

Franswa : Ki konn kòman òganize.

Andre : Ki pap lonje kwi pou mande.

Franswa : Nou gen lontan n’ap betize

Maklso : Nou pa fouti reyalize.

Andre : An’n fè jefò pou’n divòse

Franswa : Avèk sa k’ap fè’n divize

Andre : Pou peyi nou sa devlope.

Makso : Mesye, nou pa gen peyi. Ayiti tounen youn depotwa. Sa se youn wont pou nou konstate plizyè pil fatra nan kapital-la ki reprezante salon peyi-a. Non, se pa serye sa pou dirijan yo kite bagay sa nan je yo.

Andre : Kote Prezidan-an pou raple majistra-a alòd?

Franswa : Absan! M’sye malad debou e’l gen lwa dosou.

Andre : Kote majistra nan Pòtoprens-nan ki pa konn wòl li etan m’sye pwòpte ?

Makso : Absan! Li gen difikilte pou’l wè paske’l malad nan tèt ak nan je tou ki fè’l prèske avèg.

Andre : Wa di li pou nou ke moun malad pa fouti administre. Travay sa se pou moun ki gen vizyon, moun djanm ki pap betize e ki konn sa ki rele responsabilite. Epi, moun ki konn bon bagay tou.

Franswa : Mesye, nou fè tout.

Andre : Se poko bagay-la sa. Kote depite yo ak senatè yo ki gen fonksyon peyi a nan men yo. Kote yo Franswa?

Franswa : Absan! Yo okipe nan ONA. Y’ap dekese kès-la avan li twota.

Andre : Wa fè yo konnen ke pèp-la ba yo youn travay pou fè. Si yo bwè pwa, fòk yo reziye yo bay lapire. Kolè pèp-la trè lan e vyolan tou. Nou ta mande yo pou fè atansyon pou yo pa pile si yo te konnen.

Andre : Bon, kote opozisyon?

Makso : Pa gen sa menm nan peyi a. Tout moun dekonpoze nan dlo kowonpi lavalas-la ki kite youn sant anraje.

Franswa : Se pou nou tout fè youn sèl pou nou fè Ayiti reprann figi li. Nou kapab e nou konn sa nou vle. Andre ak Makso, an’n jete nou paske Andre gen youn kote pou’l al pase.

                                                                                                                                                          Dom Laj

Ajouter à: Add to your del.icio.us del.icio.us | Digg this story Digg

Commentaires (0 posté):

Postez votre commentaire comment

Entrez le code que vous voyez dans l'image s'il vous plait:

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
0