Mwa me se sezon flè e fèt tout manman ayisyèn yo kèlkeswa kote y’ap viv-la
Leogane, Haïti - Mwa me se youn mwa ke tout moun ki gen gou renmen paske se sezon flè ki make lanmou ak afeksyon pou tout pitit pou manman yo.
Jodi sila, si nou tout kapab viv sou tè-a, se paske nou tout sòti nan matris youn manman ki asepte sakrifye vi’l pou li te sa ba nou lavi. Youn manman se moun ki gen anpil pasyans e ki pa jan abandone pitit li kèkeswa defo oubyen mès pitit sa-a.
Lanmou pou manman se youn dwa sakre e ki dwe manifeste chak jou nan kè tout pitit paske pa gen tankou manman. Nou dwe demontre yo ke nou renmen yo menm jan yo renmen nou. Sakrifis yo pa gen parèy paske yo asepte pote nou pandan 9 mwa doulè san yo pa janm dekouraje. Se poutèt sa, nou mete ansanm pou nou di yo:
Bonjou manman
Bonjou bèl ti manman
Nan bèl sezon prentan.
Jodi dimanch sa,
Ke Bondye mete-a
Se youn gran jou pou ou;
Pou lòt manman yo tou.
Sou latè kòm nan syèl
Se fanm sa ki gen fyèl,
Pitit li ap fete;
Pou kè’l kontan souple.
Wosiyòl ap chante
Pipirit repete
Bèl melodi lanmou,
Key o dedye pou ou,
Manman, manman cheri!
Ou chaje modesti.
Non ou pote kè kontan,
Ak bon jan santiman.
Ki mo ki gen tandrès?
Ki moun ki gen sajès?
Pase’w manman mwen.
Ou ban mwen bon jan swen.
9 mwa doulè prije’w,
Defòme’w, maltrete’w;
Nan wout ki bay lavi.
Lanmou’w pap janm fini.
Sakrifis ou te fè,
M’apresye’l avèk kè.
Tout klòch ap klaryonnen
Nan tout legliz kretyen
Pase se jou bonè.
Jou ki pote lapè.
Lan kè’m jwa ap sonnen.
Pou jan’w montre’m renmen,
Men youn bèl boukè flè.
Mwen ba’w ak tout kè.
Li piti tout bon vre,
Men, m’konnen se li, ou vle.
Lè’m di’w : « Bòn fèt Manman »
Sa ba mwen kè kontan.
Nou tout gen youn manman prensipal ke nou dwe ba li valè
Anpil nan nou ki relije e renmen legliz anpil ap kouri di ke lavyèj Mari. Tout sa se kwayans ki pouse youn kretyen fè diferans sa paske Mari ki se manman Jezi Kris, se manman nou tou. Tandiske moun ki fè pati vodou-a kapab fè konnen ke se Èzili. Tout bagay sa yo fè pati de kwayans ki manifeste lakay moun sa yo. Men gen lòt moun tou ki kanpe byen fèm pou yo di ke lòt manman-an se « AYITI » ki dwe okipe tou, youn plas nan kè chak Ayisyen. Se poutèt sa nou gen dwa di ke peyi nou Ayiti pa gen chans.
Ayiti pa chans
Ayiti manman cheri mwen!
Mwen tande kòman w’ap plenyen
W’ap goumen anba youn soufrans
Soufrans brital ki pa nan rans.
Doulè fin maltrete’w kont li
Li te menm vle pou te peri
Men, li pa konn ki fanm ou ye.
Fanm yo maltrete, boulvèse
Imilye devan lòt yo tou
Pou’w te savin gen plis degou.
Fanm vanyan, ou tete bon lèt
Se sa’k fè ou pap janm regrèt
Ou pa janm renmen mizè
Ou renmen lapè ke lagè.
Divizyon mete pye byen vit
Detache tankou parachit.
Tout pitit ou yo nan sen ou
Kòm si nou tout se bon moun fou.
Se fòt pa nou, paske’n tèti
Ou te aprann nou bon jan lanmou.
Lanmou dous tankou rapadou,
Men nou prefere rayisman
Sa’k fè nou paka al dousman.
Jodi a gade ki kote
Nou tout lage’w pou w’ap gade
Bagay yo avèk youn je byen fèb.
Nan mitan youn pakèt vye mèb
Sòti lòt bò, pote lakay
Pou fè nou tout ap pase tray.
Lang ou lou, ou paka pale
Enpe kontan, enpe fache.
Yo okipe’w youn dezyèm fwa
Epi y’ap fè’n anpil lalwa.
29 jiyè 1915, yo pran’n daso
Chamay te di’n byen : « alaso.»
29 dawou 94 devan tout moun
Titid bliye si’w se gran moun.
Li mande pou yo krisifye’w,
18 septanm, Jonasen sove’w.
Rezinye’l siyen youn akò
Ke anpil nan nou te dakò.
Pou evite youn gwo masak
Paske nou pa gen bon kazak.
Prezidan Clinton fè sa’l vle
Li mete’l sou okipasyon
Mwayen pou’l pran absolisyon.
Kòm nou konnen bay kou bliye
Men pote mak toujou sonje.
Se pou’n mete tèt ansanm
Pwiske nou tout se youn sèl manm
Fòk’n travay pou’n refè lakay.
Konsa na va fè bèl bagay.
Peyi nou nan youn eta kritik ki bezwen atansyon nou avèk tout èd nou kapab bali pou li sa sòti nan touman li twouve li moman sila. Nou dwe antann nou pou nou wè ki kote nou prale avèk li pou li sa refè. Se youn volonte ki dwe manifeste nan nou menm etan pitit. Etranje pap janm vin fè youn bagay serye san yo pa wè avantaj yo. Nou menm ki konsyan e ki konsène tou dwe fè tout sa nou konnen pou nou ede madanm sa ki bezwen konkou nou. An nou fè youn sèl vwa pou nou di li:
Pa dekouraje
Ayiti cheri’m!
M’ap di’w bonjou manman mwen
Pouki sa, ou pa vle reponn mwen?
Men ou nan machwè’w
2 ran dlo ap kouri nan je’w.
Bouch ou gonfle,
Ou pa kapab pale.
Manman, pitit ou konprannn doulè’w
Ou gen kèk tan w’ap pran move kou
Ou gen rezon tout bon manman
Nou tout se youn bann mechan.
Nan tan lakoloni!
Ou te bèl, ou te fre
Malgre zansèt nou yo te nan tèt chaje
Sou dominasyon kolon blan
Ki kenbe sou presyon toutan.
Piti-piti, yo te òganize yo;
Malgre anpil nan yo tonbe sou do.
Pou yo te gen libète
Pou te sa respire.
Youn fason pou te sa kontan
Mouvman devlopman-an.
Ou te gen youn bèl souri
Premye janvye 1804 te fè’w wè lavi.
Trip ou tounen kòde 17 oktòb 1806
Paske anpil nan nou te gen vis.
Jan-Jak asasine par jalouzi
Nou gen dwa di pou granmesi.
Se pa janm sa ou te espere
Men lanmou younn pou lòt ou te vle.
Ou pran anpil manman mwen
Nou manke ba’w bon jan swen.
Nou prefere fè divizyon
Olye nou fè tèt ansanm pou’n pouse pyon.
Nou mete’w chita nan youn kwen
Nou pap remèt anyen
Nou kontante simen jilbrèt
Wi nou mechan, nou malonnèt.
Gade nan eta nou mete’w
Pa gen mwayen pou degaje’w.
Pa dekouraje manman nou
O cheri, nou pap janm bliye’w.
Sa fè lapenn pou anpil nan nou ki pèdi vye manman yo
Nou pa janm bliye òfelen ak òfelin yo ki nan youn moman tristès nan mwa sa ki fè yo sonje èt chè sa pou yo. Se vrèman youn moman ki tris pou tout sa ki pèdi manman yo. Focus-la pap kite’w konsa paske li gen pou tout moun san patipri. Nou se youn achiv ki gen bon materyo. Si gen youn moun ki kapab ba nou non otè pwezi sa ki pibliye sou tit Regrè, l’ap genyen $50.00. Ann atandan, kite nou pale avèk manman k’ap viv byen lwen pou nou sa di yo regrè nou gen nan kè nou :
Regrè
Manman, manman, bèl ti manman
Men pitit cheri’w ap rele’w
Pou’l di’w souple youn ti bonjou.
Ki t’ap fè ti kè’w trè kontan,
Tankou tout lòt manman yo.
Elas! W’ale avèk regrè
Anba syèl ble Bondye byen klè,
Pou viv nan peyi san chapo;
Kote tout moun se bèbè.
Manman, se chak jou m’ap panse’w.
Se non ou m’ap nonmen toupatou
Paske’w te nesesè anpil.
Lavi’m te byen dous e fasil.
Ki lanmou k’ap sansib sou kè’m
Pase pa’w, bèl ti manman mwen?
Ou te boulvèse 9 mwa pou mwen
Jamè dekouraje avè’m
Nan chimen ki ban’m lavi
Pou’m sa gen youn bon jan avni.
Jodi a ti kè’m ap rache
E ke mwen pa fouti kanpe
Poutèt se jou pou tout manman.
Mal ou mizè, ou t’ap kontan
Wè jou sila pou ta fete.
2 ran dlo ap kouri nan je’m
Pou jan ou te konn dolote’m.
Flè vè e blan ke’m pote’a,
Se youn senbòl daprè mwen
K’ap ban mwen kouray ak espwa
Youn fason pou’m pran swen tèt mwen.
Manman cheri, mwen renmen ou.
M’ap di’w : « Sent Paradi pou ou. »
Manman yo merite bon jan respè nan tout sans
Tout manman se manman kèlkeswa etikèt yo ba yo nan sosyete-a. Nan nòmalite, tout jou nan lane se jou ki konsakre spesyalman pou tout manman ayisyèn e etranje yo paske se yo ki bay lavi aprè Bondye. Kòm mwa me-a se mwa flè ak afeksyon e lanmou, tout pitit asepte pran mwa sa-a pou remèsye manman yo ki gen kouraj e ki demontre nou lanmou yo pou nou.
Se youn devwa sakre pou pitit ki gen manman yo vivan toujou e k’ap viv avèk yo pou yo demontre kòman yo renmen manman yo. Nou dwe ba yo atansyon ke yo merite paske youn mòso manman se youn trezò sakre. Youn bon madanm kapab vin youn bon manman tou pou mari li nan jan yo viv e yo fè kesyon yo nan kay kote y’ap viv-la. Lanmou natirèl se pa youn bagay ki vann nan mache, ni ki ekspoze sou kontwa nan boutik ou nan magazen, ni li pa lote nan mache tou tankou pil chabon ak patat ou bannann. Nou ka kwè se youn demonstrasyon natirèl ki manifeste lakay youn moun nan onètete, senserite san ipokrizi. Gen manman ki ka parèt degoutan. Men se pa fòt yo si nou pran tan nou pou nou analize konpòtman yo. Pafwa se pa fòt manman yo ki santi yo endiye pou yo wè tout sa yo fè, tout sakrifis yo fè ak mannèv pou yo fè edikasyon pitit yo, pou ba ti moun-nan tout sa li bezwen nan lavi li pou li sa vin youn gran pèsonaj nan lavi li. Demen pou wè, premye aksyon ti moun nan, se pran youn gason oubyen youn fi pou’l al marye san yo pa ba manman sa yo youn ti resipwosite. Yo menm bliye bliye ekzistans manman yo. Sa fè mal e nou kwè li pa serye. Ou menm ki marye avèk pitit youn manman, eseye enterese mari’w ou madanm ou pou li reponn a devwa pitit anvè manman. Ou déjà gen tout pou ou. Si li fè youn ti jès a manman li pa gen rezon pou fache e menm babye paske manman toujou okipe youn plas an premye nan kè pitit li paske’l fè tout sa ki te enpòtan pou ba pitit sa lavi. Pinga nou joure ni imilye manman mari’w oubyen madanm ou. Tout pitit manman ayisyèn yo konnen ki doulè manman yo te pase pou yo ba yo lavi ak youn mòso pen enstriksyon pou yo sa rive defann lavi yo. An nou di tout manman yo : « Bòn fèt ».
Dom Laj




del.icio.us
Digg
Postez votre commentaire