Apali papa! Men koze-a : Si’l pa awoyo ou gri, li sou kanmenn
Pòtoprens, Ayiti – Jodi a nou pa fouti rete long pou nou fè youn ti literati tankou nou toujou fè li. Bon lizaj mande pou nou fè sa achak fwa nou angaje nou nan travay enfòmasyon piblik. Nou pa vle two ta bare nou nan lari pou nou pa ka antre, nou oblije ale selon sa lanati mande nou. Toutfwa, n’ap fè’w konnen nou te nan sanfil. Pandan nou fè sa nou rive pou nou pran youn ti souf paske nou te sot bat anba lavi-la pou nou wè avèk 2 nawè nou tout sa yo di e yo poko di, nou apèn chita, younn nan mesye yo pa fè ni 1, ni 2, li pete youn koze. Se kòm si dire yo t’ap tann nou pou yo lage bonn-nan ki rasanble anpil moun nan lakou-a. Mwen pa bezwen di’w ki kantite moun ki te rasanble pou tande koze sa a ke mwen panse li bon pou nou viv li.
Serafen : E, ey! Ou konnen’m sezi. Gade youn tenten.
Jera : Ki sa’w genyen vye frè? Ou fè dyapòt-la?
Serafen : Adye Jera! Se mwen menm yo ta kite genyen.
Jera : Pou ki rezon ou di sa gason?
Serafen : Nou menm Ayisyen pa janm jwe pou genyen paske nou se lepèdan nan tout sans. Nou toujou pèdi kèlkeswa sa nou fè.
Jera : Ki fè nou se lepèdan. Antouka, mwen gen konfyans n’ap fè premye lo-a kanmenm, Serafen.
Serafen : Gade jera k’ap reve je klè pou’l ale nan lalin.
Jera : Sa ap vini paske nou se pitit Bondye, nou pa pitit satan.
Satan : Monchè, li gen lè li t’a pi bon pou nou pou nou te pitit satan ki t’ap degaje’l tankou Mèt Jan Jak pou chase tout mechan yo ki te vle fè nou abi, mete tèt chaje nan sen nou.
Jera : Pa di sa Serafen. Pa mete malediksyon sa-a sou kè’w, pa mete gwo peche sa-a sou konsyans ou. Malediksyon, frè mwen, se youn gwo touman ak tèt chaje. Pa mete chaj lou sa sou kòf lestomak ou non tankou Ti Pre ak Titid .
Serafen : Malediksyon pa malediksyon, tout mechan yo ap byen mennen. Nou menm k’ap fè moun de byen ki gen konsyans ap soufri, malmennen. Pa gen anyen serye ke gouvènman Ti pre-a ap regle pou nou nan peyi a ki anba youn okipasyon kimele. Kote Bondye-a ye-la ?
Jera : Li toujou avèk nou pou li pran swen de nou menm. Frè’m-nan, Bondye se youn papa ki lan nan fè kòlè. Li kite’w fè tout sa’w vle. Men, lè pou’l reyaji-a, li ba’w youn leson pou tout lavi’w. Lè sa-a, se mare tèt ou sere, gason pa kanpe. Ou pa bezwen rive jiske-la pou nou fè lennmi. Li gen pou’l tande kri desepwa nou anba youn kouvènman kwoupyon ki pap regle anyen e ke prezidan-an te ban ou lespwa l’ap vin avèk youn chanjman total-kapital pou fè peyi a repran plas li nan konbit nasyonal.
Serafen : Ou te kwè blofè sa a ki pap regle anyen e kip a konn kot pwenn nen li plase. Monchè, defen grann mwen te konn di nou lè li te nan bon san li : « Ou mèt koumanse abiye youn bourik depi nevè di maten, mete bon jan esmokin sou li, ranje machwè li byen ranje, kache zòrèy li pou’l pa parèt-long; kan midi-a sonnen, fòk li leve ke’l kanmenm pou’l ranni.
Jera : Pawòl pale, pawòl konprann. Misye konnen byen pa gen lajan depi 1 nan edmi pou’l peye pwofesè yo nan move jesyon li, m’sye pwofite okazyon-an pou li rale kò’l pou’l sa fistije Minis Edikasyon Nasyonal-la, e pou’l akize li.
Serafen : Ki donk, minis-la pè paske’l konnen byen ‘ravèt pa janm gen rezon devan poul menm si poul sa gen tchak. Sa ki pi mal-la, Ti Pre, blofè fini, fentè par ekselans gen kouraj pou li akize minis sa. M’sye bliye ke : « bay kou bliye, pote mak sonje. » Ti Pre bliye ke chak fwa l’ap pati, li fouye men li byen fon nan bwat lajan peyi a ke nou rele trezò pou li pran lajan pèp-la pou li depanse san rezon avèk youn pakèt bann initil tankou’l ki pa gen anyen y’ap regle ke sèlman :
« Ti gwòg mwen, bèl sigarèt mwen.
Ti fanm dous mwen
Se sa’m okipe
Zafè peyi pa gade’m
Degaje’n, naje pou’n sòti. »
Jera : Serafen, frè mwen, ou pa manti non. Se konfizyon total nan peyi a.
Serafen : Si’m ta vle konprann sa’w di-la, Ti Pre, ou wè-la. An verite chen, si’l pa awoyo, gri, li byen sou kanmenm.
Jera : Mwen kwè sa.
Serafen : E mwen kwè sa tou nan tout sans. Kòman se fè ou pa wè Ti Pre ap grennen jilbrèt, remèt tenten sa yo.
Jera : Mwen pa wè bagay konsa. Ti Pre ap byen mennen. Se sòt ki bay, enbesil pa pran.
Serafen : Gade Jera, pinga janm fè kòmantè konsa. Epi! Pinga fè sòt pa’m rankontre avèk zòt pa’w. Nou gen youn gouvènman fatra nan je nou. Ou pa wè pil fatra pasi-pala nan peyi-a. sitou nan kapital-la ki te dwe sèvi kòm salon pou resevwa vizitè. Malerezman, chat watè nan ogatwa yo, gade tout bèl bagay, yo fè peyi-a pa benefisye.
Ayiti nan tout sa kip a bon
Jera : Peyi Dayiti nan tout sa ki pa bon paske ban’n dirijan nou yo pa remèt anyen, anyen ditou. Alò kote nou ye-la mezanmi. Ti Pre pa konn si’l anlè oubyen atè. Nou menm nou tounen prètprèt.
Serafen : Ti Pre ap betize. Mwen pa konnen si se frè marasa li a l’ap sonje ki lòt bò dlo paske se li menm ki mete kote li ye-la pandan 2 fwa.
« Anverite l’ap betize
Pou’l fè li pase
Pandan tout tan sa-a
Peyi a ap fini
Tankou youn kreyon kenz.
Ti Pre avèk Titid al lakay bòkò
Yo bay pèp-la pou lajan chango
Yo vòlò
Pou pèp-la sa tounen zonbi.
Epi, pèp-la tonbe fè wonn tout jounen, tout lanwit pou zòrèy wa Ti Pre kònen pou li kapab rele sou kò-li. Men se pa sa ki enterese li e li menm bliye si li te fè youn sèman ke li dwe respekte. Se pa san rezon ke tout prezidan dwe sèmante :
« Mwen jire devan Bondye ak nasyon-an pou,m obsève fidèlman Konstitisyon-an avèk tout lwa peyi a. Mwen dwe respekte e fè lòt yo tou respekte dwa tout moun. Mwen dwe travay pou’m fè peyi a vin pi fò e gade entak endepandans li. »
Jera : Apali papa, Ti Pre kochon nan kawo damye a piske li pa respekte Konstitisyon. Sa ki pi mal-la, l’ap gouvène anba labanyè youn okipasyon.
Serafen : Kòman sa rele?
Jera : Li pa lòt bagay : « Trèt ak salòp.
Serafen : Mwen pa fouti konprann pou ki sa pèp-la pa reyaji.
Jera : Ou fè tankou ou pa konprann Serafen poutan ou gen bagay-la nan men ou.
Serafen : Ou vle fè’m konprann ke se paske Ti Pre konsakre wa kif è pèp-la rete tèt bese pou pran afwon ak desepsyon nan men youn moun yo te fè youn favè pandan 2 fwa san y opa menm reflechi. An…n, se sa’k fè pèp-la tonbe fè wonn jis yo bouke pou yo di :
Zonbimann mannan
Wi wa
Kenbe ti poulèt
Wi wa
Ba li labasèt
Wi wa
Madan wa bezwenn’l
Wi wa
Kenbe li pou li
Wi wa
Pa ba zenglendo ak Minista pwoblèm
Pa gen sa menm, non awoyo
Chimè ak bandi yo ap pwoteje pouvwa a
Ou pat janm chèf, w iwa.
Jera : Mwen te di ou konn bagay yo. Ou se youn nèg byen enfòme kale nan sous-la menm pou vini avèk bon materyo.
Serafen : Ou pa konnen ke
« Ti Pre se poupe twal
Ki pa fouti monte chwal
Li pa gen tanbou pou fè bal
Li fè zenglendo tire bal
Peyizan yo pran gen tèt fè mal
Nan lavil kòm nan kapital
Panik jeneral
Lapli tonbe bouche kanal
Ti Pre deklare, ti mal
Mwen pa gen chapo legal
FNCD ak lavalas te voksal
Lespwa gen twòp bosal
Yo fè bagay yo anbachal
Mwen twouve se pa nòmal.»
Ki bagay sa nan lakou –a Jera : Se youn don Bondye ba-w pou detekte bagay yo. Se konsa gen youn pakèt moun ki tonbe di Ti Pre : Ou lage pèp-la nan desepwa. Gade’m nan je, ma gade’w nan je. Si w’ap fè li gen alèji. Li pap janm geri. Serafen : Ti Pre ak Neon dòmi nan menm kabann. Li te kontan ap gade dife-a lè Ansyèn Katedral-la te pran dife. M’sye fini nèt avèk peyi-a. Depi li pran 2 ou 3 prestij pou vide’l nan gagann li, m’sye pa gen pwoblèm menm. Jera : Ou pa manti. M’sye se youn kè pòpòz, Dye dispoz. Serafen : Ki nimewo Ti Pre? Ki nimewo li? Jera : Zewo bare. Serafen : Youn zewo kip a fouti tounen 6, 9 ak 10 paske’l bare. Se nan sa nou kapab di : « Twa fwa pase la. . Se la dènyè ki rèstera. Je leve mafi. Ouvre lapòt grann. Se pou larèn pase, pase, pase. Men Ti Pre pa janm rete. Li toujou jwenn mwayen pou’l sòti. Titid li menm kwoke. » Yo te toujou ap fè lawonn enfènal pou bouki ak boukinèt.
Dom laj
Dom laj




del.icio.us
Digg
Postez votre commentaire