Èske Chanjman nan peyi Dayiti nan wout?
Port-au-Prince-Haiti – Yè lendi 18 me, nan fouye-chèche, nou resevwa 2 nouvèl ke nou vle separe avèk ou nan bon ti mamit. Nou pa vle fè spekilasyon paske nou toujou vin avèk enfòmasyon ke nou viv ki sòti anndan nannan bèf-la. Nou pa fè nouvèl depi lontan, n’al chèche nouvèl pou pote ba’w. Se sa ki fè nou kanpe toujou paske nou pa sèvi ak fo. Depi nou di’w youn bagay se ratifye. Menm si ou pa wè’l jodi a, nou garanti’w, l’ap vini kanmenm.
Daprè sa nou aprann yo nonmen ansyen prezidan Bil Klentonn anbasadè LONI ann Ayiti. Nou sonje ke Bil te mande pèp-la pou li gade devan olye pou li gade dèyè. Sa te sanble youn avètisman pou te fè konnen ke ansyen prezidan sa-a t’ap vin okipe youn pozisyon enpòtan nan zafè peyi Etazini avèk Ayiti. Nou mèt pare tann, nouvèl-la, l’ap konfime kanmenm. Nou pa konnen rezon-an. Sepandan, nou kwè gen youn bagay dèyè koze sa-a. Nou pa kwè li pou granmesi. Nan chèche zo nan kalalou si li gen zo vrèman, n’a fò’w konnen kèk bagay.
Ki bagay! Wonn ti moun yo chaje ak pawòl ki konsène peyi’n ak dirijan nou yo
Pandan nou te fè youn ti kout pye lakay youn nan tant nou yo, nou te remake youn ekip ti jèn fi ki t’ap jwe nan youn lakou anba lavil-la. Ti moun yo te chofe paske jounen 18 me-a te youn jou konje pou yo. Nou kwè ke ti moun yo sonje trè byen ke drapo nou-an te monte youn jou 18 me 1803 nan Lakaye aprè anpil peripesi ke zansèt nou yo te pase. Malgre tout bagay sa yo, dirijan lakay asepte ap dirije sou labanyè okipan etranje prensipalman LONI ki chaje avèk youn bann ti sòlda ti peyi ki pa menm konnen sa ki rele libète paske yo pa’t janm travay pou youn bagay konsa. Nou kwè nan fon kè yo gen youn doulè k’ap ravaje yo ki fè yo pa fouti fete drapo-a. Jan fèt sila te konn fete avèk lanmou pou peyi nou. Jodi a souple, se : «devan pòt ki tounen dèyè kay. » Nou pèdi diyite nou e nou pa reprezante anyen devan lòt p`ep yo malgre nou fè yo lib. Nou chaje avèk pwoblèm ki gen solisyon si dirijan nou yo te pran konsyans pou yo wè ke yo gen youn responsabilite e ke yo dwe sèvi a jan zansèt nou yo te mande. Mo divizyon-an pa’t dwe nan sen nou paske se linyon yo te kite pou nou. Se pa pou granmesi yo te di: «Youn sèl nou fèb, ansanm nou se youn sèl fòs. » Petèt, nan movèz fwa nouvo dirijan nou yo k’ap betize, yo kwè se nan jan sa pou yo aji nan enterè pèsonèl yo. Yo bliye ke gato-a pa fèt pou yo sèlman e ke yo dwe separe’l egal-ego pou chak pitit tè-a jwenn youn ti kal ladann de fason pou yo chante anasanm :
«Ban’m pa’m ladann
Ban’m pa’m ladann
Pou pa gen divizyon
Pou linyon pote vizyon.»
Nou kwè si separasyon-an te fèt nan sans reyèl pou tout moun te jwenn youn lòsyè, jodi a peyi nou-an pa fouti ta nan eta li ye-a. Anpil frè ak sè ap viv lòt bò dlo pou yo sa souse youn zo e pou yo sa ede nou menm k’ap viv lakay. San konkou yo, peyi a t’ap deja tounen youn dezyèm Somali ou byen youn savann kote se bèt ki t’ap kouri-monte ladann. Malerezman yo gen konsyans e yo konn viv tou. Nou pap bliye tou, frè ak sè nou yo k’ap soufri nan peyi vwazen. Yo imilye yo chak jou e yo rive pèdi lavi yo nan chèche lavi. Lòt jou-la younn pèdi lavi’l pou ryen, yo dekapite an miyèt mòso. Sa fè nou mal e nou pran youn minit pou nou panse avèk yo.
Ayiti pa gen dwa rete nan eta li ye paske nou gen lespwa non pa nan youn gouvènman ki sòti nan lespwa ki pote desespwa. Younn nan ayisyen k’ap swiv evolisyon peyi-a rive di : « Mwen konprann byen pou ki rezon prezidan Preval fè konnen ke li pa’t fè pati FNCD. Wi, li gen rezon li paske se Aristid ki te gen chapo sa-a ke li retire vit pou’l chanje’l an lavalas. Prezidan Preval di li pat lavalas. Ankò li gen rezon li paske’l pa janm inisye li nan pati sa men li te zanmi moun sa yo ki kwè nan vyolans. Pou lespwa, li pa’t janm lespwa, se chèche yo t’al chèche pou’l te vin remèt sa li remèt-la san okenn preparasyon. Mwen dakò avèk li sou pwen sa yo. Men si m’sye te konsyan e li te gen kouraj, li te kapab refize pozisyon sa-a pou enterè peyi a. Ki donk Prezidan Preval malonnèt anpil pou’l asepte dirije nan kondisyon sa ki fè m’sye tounen youn prezidan bèkèkè, ki pa remèt anyen serye.»
Nou konprann byen defoulman ti mounn yo ki swiv byen reyalite peyi-a nan jan mesye yo dirije pou mete’l kote li ye-a jodi a. Se pa nòmal pou nou tout asepte youn ti gwoup moun pran majorite-a pou toufounen li konsa. Nou pa vle rete ap pale paske zafè ti moun yo gen enpòtans yo tou. Nou te konstate ti moun t’ap sote, jwe marèl, ak fè wonn. Men sa ki te pi atire nou se te wonn-nan kote y’ap chante avèk tout nanm yo. Nou pap ba’w tout sa yo te chante-a. N’ap ba’w ti gout ladan yo jiskaske nou fini. Nou pa kreye, nou chèche e nou jwenn :
Savez-vous planter les choux
À la mode, à la mode.
On les plantes avec les mains
À la mode de chez nous.
-2-
Savez-vous planter la drogue
C’est facile, c’est facile
On les vend pour être riche
À la mode de chez nous.
-3-
Savez-vous planter les choux
Yo kenbe pè Titid
Nan konfolyo ak dwòg dilè
Men Titid tonbe nanka.
-4-
Savez-vous planter les choux
Lavalas yo fin anraje
Sa ki di yo pa ladann
N’ap tann jijman-an rive.
-5-
Savez-vou planter la drogue
FDA pa nan jwèt ak yo
Lè yo kenbe youn grenn
Yo pinppe li Miyami.
Se te youn plezi pou wè ti medam yo ki t’ap pran plezi san pwoblèm nan lakou-a pou yo te sa fè mesaj yo a pase. Yo chante plizyè fwa avan yo te antame youn lòt chanson. Fòk ou ta wè jan sa te bèl pou wè de tan-z-an tan younn ap vin gwosi wonn-nan ki fè nou sonje lontan tou. A, wi, se te bèl bagay pou te wè sa. Ti fi ak ti gason te jwe ansanm paske pa’t gen afè ou se ti gason, ou pa dwe jwe nan jwèt ti fi. Nou tout te fè youn sèl nan jwe oslè, kat, domino, bezik, kay, zonbimann mannan, lido, chekè, chansonèt fransè etc. Se te labèl epòk ki te fè moun anvi viv. Jodi a n’ap viv youn epòk trè di ki mete anpil pwoblèm lakay jèn yo ke lavalas te vle konvèti yo nan vyolans. Vye giyon sa prèske disparèt nan sen pèp-la. Jou a pa lwen pou chanjman-an fèt total-kapital. Si jèn yo kòmanse wè bagay yo klè. Gen youn mouvman anba chal ki vle jème nan peyi a pou evite bandi, reyaksyonè pran devan yo pou mete enkonpetan sou pouvwa-a. Jèn yo vle leve kanpe pou di sètase. Yo kontinye ap chante :
Au clair de la lune
Mon ami Pierrot
Èske’w tande Neptine
Ki monte okreno.
Se s’al bliye pa di
Pou’l te avili
Tout lavalas-pè Titid
Ki gen movèz abitid.
Sò Àn vin apiye li
Pou’l di sa’l gen nan kè li
«Pè Titid se youn kansè
Pou pèp sou latè. »
Ti Rene li menm di:
«Mwen pa gen okenn pati
Ke se FNCD, lavalas
Ak tout lespwa kòryas.»
Pou di nou konprann sa k’ap pase-la. Revolisyon-an nan wout ki pap menm bagay avèk mouvman lavalas-la an 1991 ki pa pote anyen ke malediksyon nan peyi a. Nou chaje avèk tout chanson ti jèn yo ke nou pap fouti fini avèk yo nan edisyon sa-a. N’ap ba’w youn lòt pou nou fini :
Kach-kach Liben
Sere Liben
Liben gwo tèt
Pa wè Liben
Kote Liben
Liben kache
Ki kote Liben ye?
Nou pa jwen Liben.
Kach-kach Titid
Titid gwo je
Dyòl long
Li pran nan mera
Pou’l kite ensolan
Ki kote Titid kache?
Nan Afrik-di-Sid
Kach-kach Ti Pre
Sere Ti Pre
Ti Pre bon jan fentè
Pou bay bon kou
Li jwe lavalas yo
Pou’l detache ak Titid
Ke bra’l pran nan moulen
Kote Ti Pre ye?
Nan peyi’l, Ayiti
Ki sa l’ap fè?
Grennen jilbrèt
Sou pwoteksyon MINISTA
Pou’l fè 5 kan li
San tèt fè mal, tèt chaje
Anyen pa janm chanje.
Kach-kach Ayiti
Li pa janm fè youn pa
Dirijan’l yo enkonsyan
Yo vòlè, yo piye
Pou yo lage aprè.
Ki kote yo ye?
Nan peyi etranje.
Sa Pèp-la bezwen?
Dirijan konpetan
Ki bon jan plan
Pou devlòpman-an
San demagoji ak blòf
Pou yo sa travay seryezman
Pou refè lakay.
Nou oblije rete-la pou nou pa ale twò lwen. Nan lavi, chak bagay gen youn kòmansman ak youn finisman. Nou va rive delivre avèk bann san wont sa yo ki pa vin regle anyen.
Dom Laj




del.icio.us
Digg
Postez votre commentaire