Newsletter
Email:
Poll: Satistaction
Etes vous satifait de la gestion de Mme. Pierre Louis

Rele ponpye

Taille de la police: Decrease font Enlarge font

Petionville, Haïti – Jodi a nou gaye nan Petyonvil pou nou ka wè sa moun nan kanton sa-a gen nan yo e kòman yo konprann reyalite peyi a. Nou pa janm renmen mache pou kont nou paske lè nou gen moun akonpaye nou, li fè plis sans paske nou pale sou tout wout-la pou nou bay travay-la plis sans. Nou desann machin nou e nou pran wout Frè-a apye pou nou sa jwenn sa nou bezwen-an san pwoblèm. Se konsa nou antre lakay youn ansyen zanmi ki gen kèk tan younn pa wè lòt.  Tèlman li kontan wè nou, li fè konnen n’ap bal jounen-an kòm kado. Nou te fè’l reponn li se an vizit nou ye-la e li ta reyèlman bon pou nou kontinye trajè-a. San pèdi tan, li di: «  N’ap oblije rete isi avèk mwen pou nou pale e fè ti kòmantè sou peyi-a e youn ti konparezon sou pase-a avèk prezan-an ki pa bon menm nan je nou. Ayiti tounen youn depotwa fatra kote tout dirijan nou yo fèmen je yo pou yo sa viv nan malpwòpte sa-a. Mesye, mwen pa bezwen konnen n’ap fè youn ti rete avèk mwen. Si nou pa vle kounnye a, n’ap voye’m fè tankou Bòs Pent oubyen Ti Bobo, ayibobo. Jan Solon ta renmen wè ou paske nou toujou ap nonmen non ou avèk lòt kanmarad yo tou. Lè Solon retounen, li wè nou e se te fèt ki te deklare tèlman nou te kontan.
   Aprè nou te fin pale kont nou, Solon envite nou pou al vizite Mariz ki rete nan katye-a tou. Nou pa’t menm gentan rive lakay Mariz, nou viv youn dyalòg trè enteresan lakay youn nan vwazinaj yo ki pat manke pale koze yo san krentif. Se konsa, nou te tande :
Mod : « Ala traka pou lave kay tè. Mwen pat janm konprann si se konsa bagay yo t’ap tounen tèt anba nan bab Ti Pre ak tout okipasyon makiye amerikèn. Anverite Dye twa fwa, bagay yo gen pou yo chanje kèlkeswa sa djab-la di. Mwen kwè nou tout pitit Ayiti endiye e menm fache amò pou chwa sa-a ke nou te fè-a ki tounen youn pongongon pou nou.
Sandra : W’ap mande Mod. Depi’m maten, mwen tande’w w’ap pale e ou pwofite voye toya tou.
Mod : Mwen pa janm kwè se toya ke’m ta voye monte. Mwen t’ap di bon bagay ki fè sans e ki dwe pwopaje nan peyi a pou voye manje ranje sa ale.
Sandra : Twa degout-la tou ale.
Mod : Ou wè kote pa konn chwazi mete nou. Nou mete youn chofè dèyè volan-an ki fè youn koub ki lage nou nan ravin-nan.
Sandra :
Kay-la pa pou mwen
Kay-la pa pou mwen
Se kay m’sye lòbò-a
Kay la pa pou mwen
Se kay misye lòbò-a
Jete dlo
Wo, wo,
Dife nan kay-la
Ti Pre prale
Wo, wo
Vin mare’l
Li merite sa
Wo, wo
Pa neglije (bis).
Mod : Sandra ou fè’m ri  pandan w’ap chante-a. Ou fè’m sonje peyòd Divalye. Depi youn evènman ap vini, se mizik sa ki bouyi toupatou. Si Jak te la li ta ri kont li.
Sandra : Kote li?
Mod : M’sye gen pwoblèm paske machin li anpàn. Li pa fouti jwenn pyès-la sou plas. Se jous Sendomeng yo voye achte’l.
Sandra : Bon, Mod! An nou serye sou kesyon sa-a paske’m pa fouti konprann anyen ditou. Sa k’ap pase konsa? Ekonomi peyi a lòt bò dlo. Fòk sa chanje.
Mod : Nou menm Ayisyen, nou gen memwa kout. Li pa bon ditou pou nou toujou ap bliye. Non se pa posib pou youn pèp ap pran tout ensilt sa san li pa janm bouje. Mwen pa kwè nou se youn makòn krab tankou anpil eksplwatè panse.
Sandra : Anverite, yo panse konsa paske yo jwenn piyay tankou Ti Pre jwen piyay tou.
Mod : Sandra, ou gen lè bliye sa prezidan Ti Pre te mande nou fè kòm youn prezidan bèkèkè ki pa kanpe sou anyen. Ou sonje byen ke misye ranse kont li avèk nou pou li rive di’n: « Naje pou’n sòti. »
Sandra : Pou mwen sa te youn mank respè pou nou. Bagay sa pa’t janm gen sans li nan sen nou.

Nou pa’t konn sa nou vle
Mod : Se pou li betize avèk nou paske nou kite twòp lese ale. M’sye sa pa konn doulè malkerèz.
Sandra : Li pa gen fanm?
Mod : Mande’m ankò. Ou tou wè youn nonm ki mande’w pou gade’l nan je, l’ap gade’w nan je tou pa gen anyen serye nan li menm. Se youn bon bivè.
Sandra : M’sye sa pa vin regle anyen pou peyi a ke betize, ranse. Nou bouke ap viv konsa.
Mod : Lòt jou, mwen rankontre youn pèsonaj ki fè youn ti kanpe pou li te sa pale avèk mwen. Pandan nou t’ap pale, pèsonaj-la fè’m konnen. Nan lavi sa, youn moun pa sipoze annafè avèk younn nan pitit Sesil yo. E li ajoute tou, nou tonbe nan youn tenten ki pa’t janm rive jwen plas li nan peyi a. Si tèlman peyi nou rive nan youn nivo trè ba, pa gen moun ki respekte nou ankò.
Sandra : Mwen pap pwone divalyerism men rayi chen, di dan li blan. Pa gen konparezon ditou. Pou mwen nou nan blakawout chak jou ki fè nou nan lannwit tou. Tandiske sou Jean Claude Duvalier peyi a pat nan eta sa. Se pou nou pa kite vagabon okipe espas enpòtan yo pou penmèt yo vin fè tenten blayi nan sen nou. Nou pran youn lavalas ki pote sèlman malpwòpte nan sen nou.  Jodi a lavalas divize e lantèman yo déjà chante e menm libera li tou.

Ivon ak Sò Àn e Ti Pre revòlte
Mod : Ou pa manti non. Yo divize e yo tounen aganman tou. Jodi a Ti Pre fè konnen li pa gen okenn pati politik paske’l pa asosye avèk bann vagabon, kriminèl sa yo ki lakoz peyi a nan tout pwoblèm sa yo. Li vin sove peyi sa ke kidnapè sa yo enpoze bagay yo mache. Tandisk yè Sòn Àn li menm fè konnen ke : « Ke Titid se youn kans`e pou peyi a. »
Sandra : Mod, sè mwen, rete-la. Se pa Sò Àn ki te vin ak chante sa a nan lane anwo yo:
« Yo fè’l, yo fè’l vre
Yo fè’l, yo fè’l vre.
Youn sèl pitit gason’m nan
Yo pran’l voye ale.
L’ale.
Epi mwen ajoute ti rès sa yo pou fè kè avèk bann lòt moun ki pa’t pran nan Tonton Nwèl : 
         -2-
Se sa, se sa vre
Se sa, se sa vre
Lavalas divize
Lantèman li chante
L’ale.
          -3-
Titid, Titid wo,
Titid, Titid wo,
Se youn move kansè
Ki blayi nan sen nou
Demon. »
Mod : Ou fè’m sezi! Mwen pa’t janm konnen ou te youn sanba tankou Sò Àn.
Sandra : Non machè. Satan retire-twa demwa, lonbrit pouri. Ma fè sanba pou peyi’m e non pa pou youn moun ki pa’t konn kote prent nen li plase. Mo lavalas te sifi sèlman pou montre kote moun sa yo pa bon. Yo tout gen pou mande pèp-la padon pou tout sa yo te fè-a. E Ivon ki sa li regle?
Mod : Ivon pat janm lavalas tou tankou Ti Pre. Yo te vin pou wè si peyi a ta demare men Titid youn kansè tankou di Sò Àn enpoze bagay yo fèt. Li konpòte’l tankou sèl wa, sèl Seyè e sèl kòk chante nan peyi a. Pou li, san li, Ayiti pa fouti fonksyone. Ou sonje byen ke m’sye te li lèt demisyon Titid-la nan maten 27 fevrye 2004 ke lalvalas yo pretan yo te kidnape. A la youn bann mantè, kidnapè, atoufè. Yo konpran ke Obama ap fè Titid retounen e ke Bil Klenntonn pral ranje bagay-la pi byen pou yo. Mwen gen dwa di yo mele. Yo tout ap yan.
                                                                                                                                              Dom laj    

Ajouter à: Add to your del.icio.us del.icio.us | Digg this story Digg

Commentaires (0 posté):

Postez votre commentaire comment

Entrez le code que vous voyez dans l'image s'il vous plait:

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
0