Newsletter
Email:
Poll: Satistaction
Etes vous satifait de la gestion de Mme. Pierre Louis
Home | Nos Bloggers | En Kreyol ak Dom Laj | An nou fè youn rasanbleman solid pou nou sove peyi nou, Ayiti.

An nou fè youn rasanbleman solid pou nou sove peyi nou, Ayiti.

Taille de la police: Decrease font Enlarge font

 Port-au-Prince, Haïti – Nou oblije itilize atik sa-a ki pale de nou menm nan travay sa n’ap fè-a pou lektè nou yo avèk pèmisyon otè-a ki se moun pa nou tou e youn fokisyen de premyè è. Nou mande lektè nou yo pou yo li’l avèk anpil enterè.

                                                                                                         Dom Laj

 

Brooklyn, New York – Depi 1806 n’ap viv nan youn chire pit ki sanble pa janm fini si nou pa pran youn fèm dispozisyon pou nou fè youn rasanbleman dirab pou pèmèt lòt jenerasyon k’ap vini yo kontinye travay-la. Nou bouke kase fèy kouvri sa. Nou bouke plenyen, pale anpil e menm lonje dwèt sou lòt. Nou bouke kritike. Nou bouke voye toya. Nou bouke repoze nou sou etranje ki pa fouti fè tout bagay pou nou paske yo gen pwòp zafè pa yo pou yo okipe.

   Semenn sa-a, nou te fè youn ti kout pye nan Bwouklin e nou te ateri sou Pwospèk Pak kote nou te wè anpil Ayisyen sou pak-la ki te vini pran frechè akoz chalè te kòmanse di men li. Nan pwomennen sou pak-la, nou tonbe sou 3 jèn ki t’ap opine sou sitiyasyon lakay. Jèn sa yo gen vrèman youn nostalji k’ap travèse lespri yo ki fè yo tonbe pale avèk youn asirans ke youn bon jou peyi Ayiti gen pou’l reprann eskanp figi li avèk sitwayen konsyan e ki kapab fè kesyon yo.

Avan nou pase nan koze sa-a, nou pwofite youn dezyèm fwa pou nou di tout manman yo kèlkeswa kote yo ye youn « Bòn fèt manman ». Nou voye pou yo tout lanmou nou ba yo avèk jwa e kè kontan. Nou renmen yo anpil paske san yo nou pa t’ap gen lavi. Youn mòso lavi se youn pakèt b agay. Nou pa gen trezò pou nou ba yo men ti konpreyansyon-an, ti lanmou-an avèk respè-a se sa nou gen pou yo chak jou nou leve. Manman ayisyèn yo ak tout lòt manman yo nou renmen ou.

   Zansèt nou yo ki pase 300 zan ap soufri pa’t rete nan pale anpil ni nan tete lang pou granmesi. Yo te gen youn detèminasyon avèk youn volonte pou yo te sòti nan esklavaj yo te ye-a pou yo te sa respire e pou yo te kite eritaj sa pou nou.

Soni : Gen lè nou pa konpran travay zansèt nou yo te fè pou yo te gen libète yo e pou yo te kite eritaj sa pou nou. Nou rete ap betize pale anpil e nou pa janm rive regle anyen pou lavi nou. Nou rete imobil kòm si nou pa gen vi.

Richa : Adye frè, n’ap viv nan youn syèk visye kote deviz linyon fè la fòs-la ranplase par « tout pou mwen, anyen pou lòt yo. »

Jannwèl : Se youn kesyon : « tout koukou klere pou je yo. »Bon ki moun ki ta panse ke se nan eta sa peyi nou ta tonbe.

Richa : Jannwèl ak Soni, nou gen lè pa konprann jwèt-la k’ap fèt-la. Dirijan nou yo se youn pakèt enkonpetan eklere. M’ap eksplike’m trè klè pou nou ka konprann byen. Mwen di enkonpetan eklere paske mesye sa y opa gen okenn moun nan degong yo pou rele dè yo e pou fè yo pase mizè. Mesye yo eklere paske y’ap vòlè pou kapital avèk enterè sou do pèp-la ki  pa janm gen youn reprezantan valab.

Jannwèl : Yo fè konnen Estime te bon e ke Danyèl Fiyole te youn papa pou pèp-la.

Soni : Mwen kwè se youn verite. Dimasè Estime daprè listwa te fè tout sa li te konnen pou te leve flanbo nasyonal-la byen wo. Li te youn lidè sensè e onèt. Men li pa’t rive gen tan pou li te fè tout sa li te gen pou’l fè. Li vòlè pou peyi’l e non pa detwi peyi li. Fitole li menm te youn vrè lidè ki pa’t gen tan fè anyen paske li te pase sèlman 17 jou sou pouvwa-a.

Richa : E Aristid li menm, ki sa nou gen pou di de li menm?

Soni : Mouche Aristid se youn blofè, ansyen pè, vòlè, dwòg dilè, piyajè, reyaksyonè, gangstè, kidnapè etc.

Richa : Kidonk tout mo ki fi ni an « è » se pou misye.

Jannwèl : Mesye, an nou serye sou pwoblèm peyi a. Aristid fè

 

peyi a anpil mal. Li mande anbago ki dire 3 zan nan peyi a sou administrasyon Clinton ke mwen tande ki youn anvwye spesyal LONI pou Ayiti. Bill Clinton voye 22 mil sòlda yanki pou anvayi peyi a e menm avili militè nou yo nan figi Aristid ki

te fè elòj yo an piblik. Misye konsidere tankou youn konze. Menm Bill Clinton sa antre nan peyi a pou li te fè ekskiz youn fason diplomatik ke pa gen younn nan nou ki te prevwa ke misye ta pral gen youn plas konsa. Misye regrè tò li fè peyi a e li te jije bon ke se konsa pou li repare tò li fè pèp ayisyen-an. Nou dwe vyeatif paske nou toujou nan kafou tenten non pa kafou-a pou nou 2. M’sye sou loup pèp-la ki pap pran nan kaponay e ki deside pou li mouri avèk diyite li nan men. N’ap bliye le pase avèk tout konsekans li, men nou pa gen dwa bliye mal Aristid fè nou ki mete peyi a nan sitiyasyon katastwofik sila.

Richa : Jannnwèl, mwen dakò avèk ou. Nou pa gen pwoblèm pou Aristid tounen nan peyi a kòm senp sitwayen. Misye gen pou’l di ki ti dezòd li te fè-a e li gen pou li pase devan lajistis tou pou trayizon.

 

Ki sa nou dwe fè pou youn travay efikas?

Jannwèl : Nou bezwen youn preparasyon valab pou debleye peyi a de ranblè sa yo. Pou nou fè sa nou pa dwe gen prejije ni rayisab. Toutotan nou pa rekonèt nou kòm youn sèl pèp, nou pa gen dwa rive nan inite total-kapital-la ke nou bezwen jodi a. Nou gen youn absans lidè ak konpetans. Chaje moun nan peyi a pou asime tach yo men akoz de patisipasyon yo nan makrakri ak tenten ki pa nan plas yo ditou, yo rive pè pou fè tout sa ki ta bon pou peyi a.

Richa : Mwen konprann ou pafètman e nou dakò tou. Premye bagay ki pou fèt se inite-a ant pati men inite ant nou menm ki youn fòs pou elektora-a. Dabò, nou dwe òganize nou pou nou retire mit sa kip a ni mit biswit men mit kòporèl sètadi diferans ki ekziste ant nou k’ap viv lòt bò dlo avèk frè ak sè nou lakay. Nou tout se Ayisyen nou ye kèlkswa kote n’ap viv-la. Nou mande pou tout ayisyen lakay retire etikèt dyaspora-a yo ba nou-an youn fason pou pa gen ni separasyon ni diferans. Nou renmen frè ak sè nou yo e nou pote yo konkou toutan.

Soni : Monchè, mwen kontan anpil ou vin sou pwen sa-a. Lòt jou te gen youn moun ki te pale sou sa nan jounal « Haïti Observateur ». Mwen pa konn si nou te li pati sa. Se ekzakteman sa nou t’ap pale la. Mwen kwè se youn pwen pou nou tout chita sou li pou chèche prepare teren-an avan nou fè kikeseswa.

Richa : Nou dwe pale avèk pèp-la nan tout fason nou jwenn pou nou fè li. Mwen kwè gen youn emisyon trè ekoute ki rele Ramase nan Radyo Karayib ke nou kapab kontakte pou yo fè youn deba sou sa. Nou ta renmen pou kesyon « gade youn dyaspora lè nou rantre ann Ayiti fini ». Gen anpil lòt emisyon tankou « Haïti Focus » tou ak anpil lòt ke nou pa konnen ki kapab bay mouvman sa jarèt pou retire peyi a nan pozisyon sa-a.

Jannwèl : Mesye, nou fè tout. Mwen kwè demach sa yo ap bon pou peyi a e non pa pou nou menm. Patisipasyon tout moun konte nan evolisyon ak devlòpman peyi a. Nou pa bezwen konnen ki se Jan, Pyè, Jak e latriye k’ap fè youn travay pozitif, nou dwe epole’l depi li pap fè sa ki pa bon pou enterè peyi a. Nou pa bezwen youn amandman krab nazòrèy ni fo mamit men youn amandman kote patisipasyon pèp Ayisyen-an kèlkeswa kote li ye. Pa bliye ke nan ti liv Enstriksyon Sivik & Moral-la nan paj 5 nimewo 4, li di konsa : « Nasyon ayisyèn-nan se tout Ayisyen k’ap viv nan peyi a e lòt bò dlo. »

Richa : Nou menm, nou pa bliye sa nou te aprann. Nou oblije deyò peyi a pou nou kapab anrichi konesans nou e jwenn youn posibilite pou nou viv e pou nou kapab ede peyi nou tou. Si peyi nou te an mezi pou kennbe nou pou sèvi’l nou t’ap la. Malgre nou deyò, nou reponn ak obligasyon nou e nou fè tout sa ki bon pou peyi nou. Sepandan, yo vle ekskli nou san rezon. Nou kwè nou gen anpil travay ki pou fèt e gen frè ak sè lakay ki vle travay avèk nou. Nou bezwen retounen lakay men pa gen okenn preparasyon ki fèt pou retire vye tabou sa-a. Ayisyen lakay! Koute nou trè byen paske nou gen youn peyi pou nous ove. Pinga koute lòt moun ki vle divize nou.

Soni : Monchè, mwen li tout jounal yo e mwen wè nan seksyon kreyòl « Haïti Observateur » - a gen youn travay k’ap fè ki bon anpil. Mesye-dam yo ramase tou pou yo delivre e yo pote anpil konsèy pou pèp-la ak dirijan yo. Kòm anpil nan nou pa pran kreyòl-la pou youn lang e se li nou pale e nou kominike tou. Mwen pa wè rezon pou gen diskriminasyon. Mesye-dam yo ap travay san yo pa dekouraje. Lòt jounal yo gen pou y’al fè menm travay yo pou vin gen youn ekilib. Mwen bat youn gwo kout chapo pou emisyon focus-la ki reprann « retwo » - a pou fè koreksyon kote gi gen fay. M’ale pi lwen toujou nan « www.toutmounn focus.com » kote gen youn seksyon Kreyòl par Dom Laj ki trè bon tou. Se pou nou esye fè mas pèp-la konprann responsabilite li.

Jannwèl : Travay nasyonal-la pa fouti fè avèk youn grenn moun ki gen tout pouvwa nan men li. Se pou tout moun mete men nan pat la pou nou kapab brase’l, Nou sonje byen ke Titid te gen tout pouvwa nan men li ki te vire lòlòj li e li te mande anraje nan fè vyolans. Franswa papa dòk te gen menm foli sa tou. Misye mouri san li pa kite peyi’l tandiske lwa bosou Titid-la te bwè twòp, li sou pou dòmi pran li ki te fè li te ateri nan Afrid-di-sid kote li diplome nan zoulou pou li vin inisye nan lougawou pou’l vin manje pitit pèp Ayisyen-an. Bòs papa rete kote ou ye-a tande.

Richa : An nou serye nan sa n’ap di yo.

Jannwèl : Ki fè Richa mwen pa serye nan sa m’ap di –a. Se youn fè reyèl li ye paske ou te tande afè ti moun pile nan pilon-an. Pa gen de magoji se verite n’ap retrase-la. Mwen ka konprann jan mwen di pawòl yo, chaje avèk imou pou fè moun ri. Pa bliye reyalite-a : « se anriyan, yo batize jwif ». Ou pa vle kwè ke Titid se youn inisye nan zak satanik. Se pou te tande Haïti Focus lendi 18 me 2009-la nan retwo kote Titid t’ap pale nan Okay. Mwen pa kreye anyen ni mwen pa vin fè tripotay. Se te youn emisyon sou fòm dyalòg kote zanmi an te prezante youn pawòl Monseyè Ligonde e ke Titid li menm te gen pou’l ap di sa ki vin nan tèt li. Se kòm si lè prezidan nan peyi Etazini fin pale a 10 zè dimaten chak samdi e ke pati opozan voye youn moun pou reponn ou pou fè pase youn lide. Ou sonje Pwofesè Maniga te vin avèk afè « anba tonèl-la » ki te trè bon.

Soni : Nou menm Ayisyen pa janm rete nan orijinalite, nou toujou prefere ranplase pou nou mete madouk. Fòk bagay sa yo fini nan peyi-a pou nou pa kontinye ap viv konsa. Sonje byen mesye pa gen otorite Leta ankò paske nou pa gen lame e nou anba youn okipasyon depi 1994 ke Aristid li-menm te mande pou li retounen avèk anpil kondisyon ke nou sispèk men nou pa fouti afime. Sèlman tribinal popilè-a ki gen pou fòme non pa jodi a men lè nou pran tèt peyi a pou tout bagay mache byen. 

Richa : Mwen gen konfyans ke youn bon jou n’ap leve avèk mo libète definitif-la nan bouch nou. Nan demach ki pou fèt yo ap gen depa definitif MINISTA ki gen pou ranplase par lame refòme pou garanti defans peyi a e pou ede devlòpman peyi a. Nou pa fouti f`e anyen anba you okipasyon. Prezidan Preval asepte pou’l dirije sou pwoteksyon MINISTA kif è li tounen youn senp gouvènè. Peyi Ayiti pa gen prezidan paske konstitisyon-an pa ann aplikasyon. Palmantè yo pa fouti travay paske yo konnen trè byen ke tout gouvènman anba okipasyon se defakto e non pa konstitisyonèl. Mwen  defann youn moun vin di lekontrè.

Soni : Gen anpil moun ki kapab di lekontrè wi, men yo pa kanpe sou okenn baz solid ou prensip pou yo apiye demagoji yo gen pou yo di –a. Peyi Ayiti pa fouti fonksyone sou okipasyon kann kale sa ke pati lavalas/lespwa egjije nan peyi a. Nou gen pou nou ekri LONI pou nou mande yo fè ame yo-a retounen kote li sòti-a.

Richa : Kèlkeswa kandida ki dwe okipe chèz boure-a nan 2011 nan pou li vini avèk youn plan byen detaye kote refòm ki pou fè nan tout enstitisyon peyi a e pou mande depa san kondisyon MINISTA pou nou menm pitit peyi a kapab fè travay nou. Se pa youn bagay difisil pou nou pa fè paske nou gen anpil frè ak sè ki dispoze ede peyi a.

Soni : Nou pa dwe nan plezantri ni kache men voye wòch. Nou gen youn peyi k’ap fini nan men nou akoz nou gen youn pakèt moun enkonpetan oubyen k’ap fè eksprè pou y opa fè travay yo. Nou regrèt pou yo paske nou nan youn mond nouvo kote nou dwe pran responsabilite nou san pou san.

Richa : Mwen pa gen pwoblèm ak sa men nou dwe fè bagay yo av`ek lòd ak disiplin pou nou rive avèk youn bon rezilta.

Jannwèl : Dabò gen youn netwayaj ki pou fèt pou  nan jistis-la. Nominasyon kmi pou fèt yo dwe jistifye. Youn bon jan men dwe pase nan atik yo ki date plis ke 50 tan jis 100 tan menm. Tout biwo leta yo dwe gen òdinatè ak derechann anka you  ensidan rive. Ladwàn dwe reòganise paske twòp koripsyon anpeche operasyon yo mache. Kòman nou dwe asepte ke se pou yo peye direktè dwàn-nan avan ke machandiz-la dedwane. Prezidan Preval menm si ou pa okouran de sa, nou vle pou mennen youn ankèt non pa pou fòme komisyon men kontakte dwàn yo youn pa youn e menm kliyan yo ki machandiz yo ap kanni nan dwàn yo. Se pa youn tripotay ni pouse dife se youn verite. Se pou nou demaske bagay si nou vle youn chanjman nan peyi a. Direktè dwàn yo dwe revoke e ranplase par moun ki kalifye, onèt e konsyan. Ou te kòmanse avèk youn travay degèpi  tout koripsyon ke’w kanpe sou li. Mwen kwè si’w te kontinye travay sa ki t’ap pote fri, ou t’ap gran devan pèp-la pou bon travay sa-a. Se pèp-la k’ap soufri. Gen manje ki rantre nan peyi a ki gate akoz mesye yo bezwen fè fòtin yo nan koripsyon, yo kenbe yo jisksake yo gate. Nou aprann ke bato yo fè 3 jou sou dlo sèlman e ke se ladwàn ki kenbe bagay yo pou 11 oubyen 12 jou. Koripsyon dwe diminye e fini nan peyi a. Mwen mande nou tout ki la k’ap tande nou fè nouvèl sikile pou nou kapab kòmanse travay-la. Bouch nou pa fèmen e pèsonn pa fouti enpoze nou pale.

Soni : Wi Jannwèl, pèsonn pa fouti enpoze nou pale. Se vre! Men fòk ou sonje ke mit divalye toujou rete lakay anpil nan nou kip è pale. Malgre Konstitisyon 1987-la retire baboukèk-la. Anpil nan nou pè pale di bagay yo kjan li ye. Malgre anpil pati politik pale men yo manke ankouraje pèp-la ke yo menm gen dwa alapawòl. Mwen kwè li ta bon yo pale avèk yo sou kasèt e pran revandikasyon tout moun pou prezante yo piblikman. Konsa nou kapab di gen youn travay ekip k’ap fèt pou amelyore kondisyon vi pèp-la. Nou kwè nou tout ki la satisfè de sa nou tande-la. Se konsa pou travay konsyantizasyon kòmanse pou elimine tout move plan nan sosyete-a.

Foul-la : Nou dakò avèk ou paske konvèzasyon sa anfòm. Se pou nou fè sa pi souvan.

Soni : Se youn priz-d-konsyans ki kòmanse e ki dwe fè tout tour peyi etranje kote tout Ayisyen ap viv e ki dwe antre lakay pou nou gen youn rezilta pozitif. Se len di lòt pou mesaj-la sa pase. Si nou pa jwenn radyo, na kominike pa tele-dyòl pou nou sa rive fè kesyon. N’ap bò isi-a ankò dimanch pou youn lòt seyans. Èske se pa sa Richa ak Jannwèl.

Jannwèl : Yo rele’m déjà paka-pala. Mwen la, di-di.

Richa : Mwen la tou, pirèd, depi se travay pou refè lakay.

Soni : Enbyen frè ak sè, si Granmèt-la pèmèt nou, n’ap bò isi-a dimanch aprè midi, menm lè, menm plas. Gen youn jou nou tout va kontan, lè Ayiti va libere e ke bann konze yo vole gagè.

                                                                                                                                            

Jan Bèbè

 

Ajouter à: Add to your del.icio.us del.icio.us | Digg this story Digg

Commentaires (0 posté):

Postez votre commentaire comment

Entrez le code que vous voyez dans l'image s'il vous plait:

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
0