Newsletter
Email:
Poll: Satistaction
Etes vous satifait de la gestion de Mme. Pierre Louis
Home | Nos Bloggers | En Kreyol ak Dom Laj | Mwen pape janm sispann pale

Mwen pape janm sispann pale

Taille de la police: Decrease font Enlarge font

Port-au-Prince, Haïti – Wi, nou pape janm sispann pale e fè aksyon tou si dirijan nou yo pa pran men yo pou yo sa reponn responsabilite yo gen anvè peyi a e nou menm tou. Se pa sa zansèt nou yo te mande nou pou nou te fè. Aprè yo te ranpòte viktwa sou lame kraze zo Napoleon-an 18 novanm 1803. Yo te reyini  43 jou aprè swa premye janvye 1804 pou yo te pale avèk pèp-la e pou yo te fè yo konnen ke libète nou genyen se pa achte nou te achte men nou te pran li avèk pwòp fòs nou e ak kouraj nou tou. Anpil frè ak sè te tonbe pou sakrifis sa-a. Nou dwe kenbe li djanm pou pèsonn pa vin fè nou lalwa. Lejou nou kite enmi-an pran nou daso, nou ap pran nan twa (3) wa.

Youn prezidan bèbè makonnen avèk youn pakèt movèz fwa
    Nou pa vin pou jete prezidan ou gouvènman. Se deklarasyon youn gwoup moun nan Belè ki mande fòk sa chanje. Yo kontinye nan refleksyon yo. «Nou vin pou nou di laverite e mande ditrijan nou-an pou li sekwe kò li paske nou pa konprann sa k’ap pase. Nan peyi a. Depi twa san zan nou nan youn chire pit ki pa jan fini. Pa gen okenn jefò ki fèt pou nou retire kò nou nan malpwòpte sa-a nou twouve nou. Dirijan nou yo ki renmen pouvwa asepte youn okipasyon pou peyi a pa fouti fè youn paq Kita, youn pa Nago. Sa se youn veritab wont pou nou nan modèn-nan. Prezidan Preval rete bèbè e li konnen byen ki sa l’ap fè. Li sou mannigèt paske 2 pye’l pran nan moulen. Si’w pat prepare pou gouvène, ou pa dwe aspte djòb-la.  N’ap mande kòman m’sye fè bèbè poutan m’sye pale lè li vle moke nou. Se pa Prezidan Preval ki te mande nou pou nou « naje pou nou sòti», youn premyè fwa. Se pa li menm ki te di nou : « gade’l nan je pou’l sa gade nou nan je tou.» Nan Gonayiv, li te di nou : «pase chèche’l pou li manifeste avèk nou tou.» Ki donk m’sye te pale. Nou pa kwè se te pawòl tafya li t’ap pale. Jodi a, m’sye refize pale.

Pèp ayisyen, leve kanpe!
   Nou mande tout pèp-la pou yo fè youn sèl pou nou kapab mande Prezidan Preval de ki prevyen, de ki manigans, li pa vle pale ni siyen salè minimòm-nan ki pa anyen menm pou mizè ki kale nan peyi-a. Piske’l nan lis, ap byen mennen poutan pèp-la kontinye ap boule anba solèy pike-a, se pa gade’l sa. Nou pral fè’l pale si li konnen n’ap betize avèk li. Nou toleran twòp Se sa ki fè y’ap pase nou nan betiz. Si yo pa konnen sa ki rele sitwayen, n’ap montre yo li. Nou pa sòti pou nou betize ankò paske yo bafwe nou twòp. Nou dwe òganize nou pou nou kapab reponn bezwen nou.
   Nan chèche dokiman, nou tonbe sou prezi Jide-a ke nou jije bon pou moman sa-a.
Mwen pape janm sispann pale
Toutan mwen pa wè nou bouje
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale
Si nou pa vle pote kole
Si nou ta vle dekouraje.
Mwen konnen nou pa parese
Si nou vl;e fè men kontre
Mwen pape janm sispann pale
Mwen pape janm sispann pale.
Si nou konprann nou avegle
Pot labanyè nan bann apye
Nou pa konn kote nou prale.
Tankou zonbi n’ape mache.
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Paske loray pa ka klere
Tout wout nou genyen p[ou nou pase
Solèy midi ka boule je
Paske’l pi cho pase dife.
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Toutan pye bwa pa ka pouse
Pou rankontre ak lawouze
Pou fè poul kapab kouve ze
Ki ka ba nou bon dejene
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Si’n pa jwenn fèy pou nou fè te
Kap kenbe nou pou’n pa tonbe
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Si bò lanmè pa ka pwòpte
Fè you jan pou touris ka antre
Nou gen bote pou’n separe.
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Si frè-m yo pa ka jwen soulye
Lè yogenyen pou di : Bòn ane.»
Aprè Nwèl Bondye fin pase.
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Si sè-m yo pa ka abiye
Al pran detant sou plas Bwaye.
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Toutan pa gen youn sosyete
Ki konprann doulè malere
Pou ba’l tout mwayen pou’l manje
Pouba’l lalwa pou’l ka pale
Ba li chemen pou li pase
Demokrasi pa janm byen jwe
Pa tiye je’w si’w wè’l tonbe
Ba li lebra pou li leve
Mwen pape janm sispann pale.
Mwen pape janm sispann pale.
Si yo pa sispann betize
Ak peyi’m ki gen libète
Menm lè, mwen pa te konn pale
Si yo konprann mape ranse,
Pike’m! Gad si san’m ap koule.
Yo fè’n jiskaske je’n pete.
Yo jwe’n jistan pye nou kase.
Nou pa gen dyòl pou nou pale.
Lè konsa, yo fè’m enève.
Mwen pape janm sispann pale.
                                          Jide
   Nou kwè se youn pwezi ki dwe fè tou peyi a  pou nou tout kapab rive pran konsyans e pou yo sispann betize avèk nou. Nou viktim de bagay sa yo paske nou refize fè dirijan yo pran men yo e fè sa yo gen pou fè. Si nou rete konsa ap gade, ap tann san nou pa bouje, nou mèt di noun an tout sa ki pa bon. Nou gen youn peyi nan men nou k’ap fini e youn jenerasyon ki pèdi.
                                                                                                                                                   Dom Laj

Ajouter à: Add to your del.icio.us del.icio.us | Digg this story Digg

Commentaires (0 posté):

Postez votre commentaire comment

Entrez le code que vous voyez dans l'image s'il vous plait:

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
0