Chanjman atik nan Konstitisyon-an pa dwe fèt nan zanmitay ak gwo ponyèt
Bizoton, Haïti— Konstitisyon 1987-la, malgre fòs kote li genyen, te fèt pou sèvi pèp ayisyen-an tout kote li ye. Se pa youn grenn moun ki te pran desizyon pou li te ekri atik yo men youn bann ayisyen ki te chita pou yo te mete sou plas youn metòd ki konfòm ak lavi pèp-la ki te anba youn diktati. Nou te ka konprann pou ki rezon kèk atik nan manman lwa peyi a bay pwoblèm ki kreye divizyon. Mesye-dam yo pa’t chita vrèman avèk tèt repoze men te gen pasyon ki melanje ak revanj ki vin kreye sitiyasyon ke jodi a n’ap viv. Yo te twò prese.
Mesye-dam yo te konprann byen ke yo te twòp presipite. Se pou rezon sa, yo te mande pou te gen youn konsèy elektoral pwovizwa ki aprè youn ti bout tan te dwe tounen pèmanan. Sa nou konstate jodi a ba moun degou paske depi 22 zan, pa janm gen youn konsèy pèmanan pou jere zafè eleksyon yo. Pou te pèmèt chanjman ki pou fèt nan konstitisyon-an, yo te prevwa kòman li dwe fèt. Sepandan, Prezidan Rene Preval, ki gen plis ke 8 tan sou pouvwa-a pa janm regle anyen serye pou amelyore sistèm lavi-a nan peyi a. Misye rete bèbè tankou bèbè-chòchòt. Peyi Ayiti tèt anba poutèt li toujou gen gouvènman tèt anba k’ap opere sou dominasyon youn bann kreten e enkonpetan. Nou oblije di li paske se youn reyalite. Se pa tandans nou pou joure ni fistije dirijan nou yo men mesye-dam yo tèlman fè tenten ki jistifye ke nou pa fouti dirije pwòp enterè pa nou. Se pou dirijan nou yo asepte e rekonèt ke yo pa regle anyen serye pou remonte peyi a nan otè li te ye avan.
Ti ayisyen refize rekonèt ke yo pa kalifye pou youn pozisyon e yo dwe ba lòt ki konpetan fè travay-la. Pwoblèm nou se pa rekonèt ki sa nou ye e ki sa nou vo. Nou refize obeyi a lwa yo ki la e ke dirijan ti sousou nou yo refize aplike pou retabli dwa pou obeyi e aksepte verite. Nou menm bliye ke nou gen youn deviz ke nou dwe aplike pou tout bagay ale byen nan peyi a. Si zansèt nou yo te aji jan nou ap fè kounnye a, Ayiti pa t’ap libere e nou t’ap toujou rete esklav. N’ap mande si dirijan nou yo pa wont pou y’ap dirije anba youn okipasyon pat-tomat. Nou rive nan kafou tenten ki oblije tout Ayisyen ramase karaktè nou pou nou sa pran responsabilite nou pou nou kapab rive refè lakay. Nou bouke ap bavade e ap tann ki fè nou tounen pwa-tann nan tout domèn.
Prezidan Rene Garcia Preval pa gen otorizasyon pou li deside pou’l pran desizyon pou chanje okenn atik nan Konstitisyon-an. Nou pa fouti konprann kòman pèp-la fè asepte youn bagay konsa nan men youn Prezidan ki pa fè valè li nan tout sans. Nou te chwazi fo mamit e nou kontinye ap viv nan fo mamit. Sa fè lapenn!
Nou pa vle elabore sou sitiyasyon n’ap viv jodi a piske gen lòt atèk ki bezwen di youn mo tou, n’ap retire kò nou pou nou kite mesye-dam yo opine e menm poze kesyon ki fè pwa nan balans-nan. Jèn yo gen dwa pou yo opine e menm antre nan kòve-a k’ap fèt-la pou youn chanjman total-kapital nan peyi zansèt nou yo.
Kote Prezidan Preval Vle ale?
Simon : Mesye, nèg rete ap gaspiye nan youn peyi ki pa ofri nou anyen akoz youn bann tèt vid pran destine peyi a.
Toma : Monchè Simon, pa gen bouch pou pale. Mwen kwè nou mele avèk bann krab sa yo ki pran destine peyi san yo pa konnen ki kote yo prale.
Sonya : Simon ak Toma, nou pa janm gen gouvènman. Nou gen youn bann machann kenkay ki konprann ke peyi nou-an se kenkay. Si vrèman moun sa nou gen la te ala-otè tach yo pou youn bon fonksyònman, yo t’ap gen youn plan byen detaye e defini pou mete ann aplikasyon. Se youn bann kreten ki pa gen vizyon. Nou te ka konprann byen ke Prezidan Rene Preval ta gen volonte pou li fè youn bagay serye pou peyi a si li te opere si youn Konstitisyon valab ki manke youn pye. Dayè, gouvènman sa se youn gouvènman defakto.
Simon : Mwen pa kwè ou vin-la pou voye monte Sonya.
Sonya : Ou janm konnen, mwen menm Sonia nan kesyon voye monte. Nou toujou gen prèv ak referans pou tout sa nou di. Zafè voye monte-an pa youn zouti pou nou. Mwen vle byen eksplike ki sa mwen te vle di par gouvènman defakto. 7 fevriye 2006, Rene Preval pat eli prezidan Dayiti paske’l pa fè vwa pou ta pèmèt li vin prezidan. Li te fè 49.6 olye 50.1 ki te kle a pou li te ouvri pòt palè-a. Kominote entènasyonal-la mete bouch e yo te ba Preval plas prezidan-an. Sa te fè youn pakèt pale anpil e menm ansyen prezidan Lesli Manigat te konpare bagay sa-a ak youn vomisman chen. Se te youn deklarasyon sensè e onèt. Preval pa janm eli e jiska prezan pa gen okenn rezilta ki bay. Se nan peyi nou-an sèlman ke yo vin f`e tout tenten paske nou pa gen dirijan kalib. Youn pakèt poupe twèl. Sa dekouraje nou menm ki jèn. Anverite, nou pap dekouraje.
Toma : Nou pape janm dekouraje. Nou kanpe djanm pou nou wè sa k’ap fè nou pè-a. Preval pa fè fyète nasyonal nou-an.
Simon : Ou pa manti non. Nou gen degou de tout dirijan nou yo ki aji tankou restavèk. Mwen ta vle kontinye pale men mwen kwè ke Sonia gen pawòl pou’l kontinye di nan fason mwen wè li fè. Jès Sonia toujou remakab paske’l se lanmè, li pa sere kras.
Sonia : Se konsa li sipoze ye. Ou di sa’w santi menm si yo mete fizi ou revòlvè nan zòrèy ou. Mwen menm Sonia, mwen déjà mouri pou peyi’m e mwen pa pè santi. Mwen kwè nou menm jèn ayisyen pa dwe dekouraje e pa kite pèsonn devye nou nan wout nou pou liberasyon peyi nou nan men youn pakèt ensanse. Si etranje ap betize avèk nou se paske nou ba yo okazyon. Nou dwe leve kanpe. Leve kanpe pèp ayisyen!
Simon/Toma : Leve kanpe pèp ayisyen!
Sonia : Leve kanpe pèp vanyan!
Toma/Simon : Leve kanpe pèp vanyan.
Sonia : Se youn detèminasyon nou dwe genyen pou nou kapab rive chanje bagay yo. Dayè, nou se jèn e nou dwe kontwole bagay yo pou nou pa fè fo pa. Aristid te fè youn erè grav kraze lame-a. Mwen pa bezwen konnen sa fanatik ap di. Lame-a se youn nesesite pou peyi a.
Simon : Kòman, Sonia?
Sonia : Mwen renmen ou pou sa Simon. Ou vle kontrekare’m nan tout sa mwen di. Se nòmal! Sa pèm`et ou aprann e konpran byen reyalite a. Kilti youn pèp pa dwe voye jete. Pèp ayisyen renmen kanaval. Si you prezidan konprann pou retire’l nan men li, prezidan sa fouti. Mwen di lame-a nesesè pou peyi pou 2 rezon endiskitab. Medizan malpalan kip a konprann reyalite bagay yo pretan ke lame-a te youn kansè pou peyi a. Mwen di non. Si nou depanse pou kanaval chak ane e lame-a ki se younn nan enstitisyon nan peyi a ki rekonèt par Konstitisyon 1987-la pa gen rezon pou Aristid te kraze-l. Si Preval pat youn poupe twèl, li te dwe retounen avèk lame-a e mwen ta konprann nesesite li genyen pou youn chanjman ou amandman.
Preval pa gen otorite pou li fè chanjman nan Konstitisyon-an
Simon : Toma avèk mwen konprann ou pafètman. Men lè ou di Preval pa gen dwa pou li fè chanjman sa-a, nou twouve’w ale twò lwen.
Toma : Mwen ka konprann sa Sonia vle fè sòti.
Sonia : Se pa youn kesyon ale twò lwen Simon. Se youn verite sou tanbou! Gouvènman Preval-la defakto paske pa janm gen youn deba pou jistifye ke lame-a ekskli nan Konstitisyon-an ki prevwa 2 antite sètadi : « lame-a avèk polis-la. » Lame-a toujou fè pati nan Konstitisyon 1987. Se pou youn mounn pwouve lekontrè. Kidonk, gouvènman Preval-la defakto tou.
Simon : Nou dakò avèk ou Sonia. Ou fè tout.
Toma : Sonia pa youn ti fanm tèt krez, non. Li gen fanm nan li. Li gen rezon tout bon. Depi youn gouvènman ap fonksyone san li pa aplike Konstitisyon sa jan li ye, nou kwè se youn defakto. Dayè, mwen kwè si te gen lame, anpil nan jèn yo te kapab jwenn fasilite pou yo antre nan enstitisyon sa-a e ke gouvènman-an ta gen youn ti souf.
Simon : Toma, se youn bèl pwen ou fè-la.
Toma : Tout sa se rezonman Sonia ke mwen pran-la paske li te pale de 2 rezon.
Sonia : Nou pa gen pwoblèm. Mwen kontan ou vin avèk pwen sa ki se dezyèm pwen ke mwen t’ap vini avèk li. Nou gen pou nou genyen youn eksplozyon sosyal nan peyi sa pa pi ta ke toutalè. Youn pakèt dirijan san vizyon ki pa fouti wè enterè youn nasyon.
Simon : Youn pakèt tèt chat. Mwen kwè lame-a se youn nesesite apati de pwen nou soulve-la. Mwen pa’t janm wè ang sa nou trase-la. Mesye yo fè peyi a youn pakèt mal. Mesye sa yo gen pou yo al nan prizon dwèt si yo vivan pou trayizon. Ou wè etidyan yo ap pran lari. Demen, l’ap pi tris. Pa gen rezon pou Preval vin avèk amandman sa. Pèp-la gen pou’l boude m’sye.
Prezidan bèbè-a gen pou pale ba nou
Sonia : Youn moun ki panse Preval bèbè nan erè. Se pi move je prezidan ki kapab genyen paske’l opere anba-anba pou mete pèp-la nan pwoblèm. Clinton antre nan peyi kòm reprezantan LONI e prezidan nou-an ki gen ti sèvèl panse se sovè peyi a.
Toma : Anpil mou nap viv nan krent paske yo konprann ke pwotektora pral aplike nan peyi a.
Sonia : Nou pa bezwen pè. Bagay konsa pa fouti aplike nan peyi a daprè chat LONI ke nou se youn peyi manm. Clinton pa gen okenn dwa pou li ta mande aplikasyon pwotektora. Ki sa pwotektora ye?
Simon : Anverite Sonia ou se youn bolit. Nan fon kè’m m’ap di ke li ta bon pou nou defini mo pwotektora pou nou sa klè sou li. Machè, chapo-ba pou ou.
Sonia : « Youn pwotektora pa lòt bagay ke youn rejim sou baz lalwa ki etabli daprè youn trete entènasyonal ki bay dwa lòt peyi ki gen plis fasilite pou li fè e defè nan peyi sa ke l’ap kontwole. » Ayiti pa nan sitiyasyon sa-a e nou mèt kwè ke bagay konsa pa fouti fè nan peyi a. Preval pa gen kran ase pou li ta trete youn akò konsa. Pèp-la t’ap mache pran li.
Simon :
« Mache pran li pèp vanyayan
Mache pran li (2)
Kou nou kouri dèyè li
Dyare te gentan pran li
Fòk li konpran
Ken ou pa nan rans. »
Toma : Mwen pa’t janm konnen Simon te youn sanba. Kòm Bill Clinton, ansyen prezidan peyi Etazini, fè konprann ke misyon li se « ranje bagay yo pou yo sa ale vit e byen. » N’ap siveye pou pa gen derapaj.
Simon : Èd sa y opa sipoze gen anyen anretou sètadi nou pa ge anyen pou nou bay.
Sonia : Nou pa remake ke depi Prezidan Preval « Bèbè » te fè konnen ke misyon Bill Clinton-nan pa lòt bagay ke « ranje bagay yo pou Ayiti sa jwen èd ki nesesè. » Li te kontinye pou li te di ke « Bill Clinton pa jwenn pozisyon sa-a pou li gouvène peyi a. » Nou pap rete ap gade, n’ap chèche toupatou kote lavi-a fè kwen. Mwen pa kwè gen youn kesyon pwotektora. Nou menm Ayisyen entegral pap janm asepte tenten sa.
Simon : Mwen kwè sa tou. Nou dwe travay pou Konstitisyon nou-an reprann fonksyonnman li.
Kote palmantè yo
Toma : Ki sa mesye-dam palmantè yo di?
Simon : Nou pa gen sa nou rele vrèman youn chanm palman. Nou pa gen vrèman palmantè ki konnen wòl yo. Se malere mwen di sa paske nou konnen moun ki solid ki nan basen dlo sal-la men yo pa fouti retire dlo sal-la pou ranplase’l par dlo pwòp.
Sonia : Pita pi tris paske nou gen youn paket tèt chat ki pral pran plas yo nan sein ansyen palmantè yo. Nou nan ka tout bon.
Simon : Si nou pa fè youn jan pou nou elimine medyokrite sa yo, n’ap reyèlman fouti.
Dom Laj
19 jiyè 2009




del.icio.us
Digg
Postez votre commentaire