Newsletter
Email:
Poll: Satistaction
Etes vous satifait de la gestion de Mme. Pierre Louis
Home | Nos Bloggers | En Kreyol ak Dom Laj | Ti Rene akouche youn ti sourit tou zwit

Ti Rene akouche youn ti sourit tou zwit

Taille de la police: Decrease font Enlarge font

Gonayiv, Haïti— Nou te nan Raboto avèk zanmi nou yo ki te fè nou vizite anpil kote pandan ti pasaj nou nan zòn sa-a. Se youn ti zòn byen kalm ki devore anba mizè-a ki griyen dann long li pou fè moun pè. Pèp nan zòn sa-a gen pasyans tankou lòt yo k’ap viv nan lòt zòn yo e yo gen lespwa ke youn jou bagay yo ka chanje lè nou debarase nou avèk tout vye prejije e avèk bann ensanse ki pran chaj peyi san yo janm ka rive fè youn kichòy valab. Yo kontante ranpli pòch, vòlè tout lasent jounen nan dechèpiye peyi a ki pa kapab pran kout-ba ankò. Lajan peyi a depanse pou granmesi nan zanmitay e sa ki pou regle pou youn amelyorason pa janm rive fèt pou amelyore kondisyon lavi pèp-la nan 4 kwen peyi a.
   Nou te rive nan youn kay e nou te rankontre 2 jèn enstwi ki te volontè pou yo te pale ba nou. Yo pa’t gen okenn krent pase yo konnen si yo pa pran pozisyon pou yo denonse e fè kèk pwopozisyon pou peyi a sa derape nan youn bon kondisyon. Jèn sa yo pa janm jwenn anyen pou yo malgre yo fè klas segondè yo ki kapab reponn avèk youn seri de pozisyon pou reponn ak bezwen yo. Yo sot passe plis ke 3 zan  san yo pa janm jwenn anyen pou yo fè. Chak jou se leve-kouche ki se okipasyon yo. Pa gen anyen pou yo fè e yo menm wont manman ak papa yo ki kontinye ap lonje lamen ba yo pou tout bezwen yo. Mizè ak panse anpil fè yo blanchi pou yo sanble ti tonton.
   Lè youn peyi pa gen bon dirijan pou pran responsabilite yo, peyi sa pa remèt anyen e se nan kondisyon sa-a ke peyi Ayiti rive jodi a. Ayiti tounen youn peyi payas. Nou men  nan Focus, nou pa opine. Nou toujou ale nan sous-nan pou nou jwenn verite pou nou pote pou ou pou sa apresye tout nouvèl yo e menm retwo yo san wete, san mete.

Lage’n pou pale
   Jonas ak Liben se 2 kouzen ki viv tankou 2 frè. Si’w pa konnen w’ap di yo se 2 marasa pou jan yo viv byen e yo antann yo. Nou te fè yo konnen, nou se Focus e yo te trè kontan pou yo te sa defoule ba nou paske yo te fè konnen ke pa gen lòt emisyon ki fè youn travay konsa, nan bon ti mamit san madou.Kòm nou pat vini pou te fè entèyou, nou oblije ba yo tout aksès pou te sa fè pwen yo-a mache sou zafè peyi a. Nou pa’t fè youn entèvyou avèk yo paske nou pa’t vle ke yo pèdi fil ide yo. Nou kite yo pale jiskaske yo rasazye e degaje konsyans yo. Nou lage yo pou yo pale kòm yo te mande nou.
Liben : Peyi nou an fayit nan tout sans. Nou pèdi tout sa nou te genyen e li difisil pou nou ranplase yo. Se kòm si youn bato k’ap koule byen fon nan lanmè.
Jonas : Kouzen, ou pa manti. Se youn gwo koze ou di-la ke anpil moun lisid e ki renmen peyi yo ap pale e opine sou li maten, midi, ak aswè. An verite, Liben, nou nan tout sa ki pa bon. Peyi sa kapab tounen youn souvni trè amè pou nou, Ayisyen, si nou sekwe kò nou pou nou mande dekiprevyen, dekimanigans.
Liben : Jonas, frè mwen, se nan moman sa nou ye-la, kòm ou konnen, ki avili e imilye istwa nou ki toujou youn mèvèy pou tout moun ki konn fè istwa.
Jonas : Mizè-a tèlman kale je’l sou popilasyon-an ki pakapab ankò, yo rete youn sèl mwayen pou yo pran lari pou rele aba mizè, aba piyajè, aba sansi k’ap soue san pèp-la.
Liben : Mwen kwè, nou dwe sòti an mas pou nou mande sekou paske pita, bagay yo ap vin pi grav e pi tris.
Jonas : Yo eksplwate atis nou yo, yo pran tout resous nou yo pou yo sa bafre nou. Se pa etranje sèlman k’ap koze zak malonnèt sa yo. Nou gen youn pakèt frè’n ak sè’n ki younen sansi pou souse nou tou. Nou nan youn gwo touman.
Liben : Kote bagay-la pi grav, se lè y’ap fòse nou denigre peyi nou tandiske y’ap mete blakawout pou regle zafè yo. Sa fè mal anpil e li fè nou menm ki konsène, lapenn tou.
Jonas : Se youn bagay ke tout moun wè aklè. Kòm rize, yo pa fouti plede. Mesye-dam yo piye peyi a tout jan.
Liben : Yo eksplwate tout sa nou genyen, pou yo lage nou sou dèyè. Kote zansèt nou yo ye?
Jonas : Yo fè nou sispann fè istwa peyi nou e menm pale de endepandans nou an ke zansèt nou yo te pran avèk fòs kouraj yo pou nou pa’t nan mande souple. Konplisite bann malveyan ki mande okipasyon nan lane 1994 ki la jis jodi a pa fè sans. Nou gen youn pakèt nèg ki pase e ki fè pati palman-an men janm gen youn ki leve ti dwèt li pou di ke sètase, nou pa fouti kontinye ke peyi a sou okipasyon LONI, ou nenpòt non yo bay gwoup vòlè sa yo ki vinj pran plezi yo. Nou mande pou depite zòn nan e pi patikilyè Senatè Latòti fè jan yo konnen pou yo pwononse sou bagay sa paske nou se youn peyi souvren e nou pran endepandans nou avèk detèminasyon lame endijèn nan. Kit Preval ou ansyen diktatè Aristid se apatrid ki pa janm renmen peyi a paske se yo menm ki te mande okipasyon-an nan mwa dawou 1994. Pa bliye yo imilye sòlda nou yo ke Aristid li menm te aplodi. Se de tan-zan-tan ke kas`et sa ap jwe nan Focus nan retwo. Nou wè ke Preval akouche youn ti sourit tou swit pou li chanje Konstitisyon-an. Nou opoze tout chanjman nan Konstitisyon 1987-la si lame pa refòme pou tout prezidan ki monte sou pouvwa-a kapab konstitisyonèl.

Konstitisyon 1987 pa an fonksyon depi 1994
Liben : Jonas, ou fè youn pwen-la ki valab e se youn verite. Kòman, nou pa gen moun valab ankò pou defanm zafè peyi a. Nou pa gen Konstitisyon 1987-la depi out 1994 paske meriken debake 17 septanm 1994 avèk 22 mil sòlda aprè demand Aristid nan kay blanch nan Wachinnton ak nan Depatman Leta. Tout Ayisyen konsekan konnen byen ke tout gouvènman yo ki monte aprè 1994 se defakto yo ye, Ti Rene pa byen monte e li pa gen dwa pou li chanje Konstitisyon-an. Se Kominote Entènasyonal ki mete misye. Gouvènman Ti Rene-a avèk madan Pyè Lwi pa gen lejitimite.
Jonas : Nan peyi kote politisyen yo byen fòme e palmantè yo tou konn devwa yo byen, tenten sa yo pa fouti rive.  Nou bezwen moun solid nan peyi a. Menm si nou bezwen doub nasyonalite-a piton ou soufri, nou tann youn gouvman byen etabli pou rezoud pwoblèm sa a. Ti Rene bezwen ranje zafè li e li konnen byen kòman pou’l jwe moun. Se youn fentè ki pran diplòm blofè ak mètdam li nan inivèsite lavalas. Mesye-dam yo se fòtin yo vin fè. Nou bezwen youn gouvènman revolisyonè pou chanje bagay yo. Pa bliye ke Ti Rene te di nou la pou 50 tan. Men yo pral gen 20 tan nan youn konbinezon : «lavalas/lespwa LL.» Ki kapab vin gen youn lòt non tou si nou pa prepare nou pou nou pare kou e fè gòl tou. Ti Rene pral jwe tout jan pou li fè pas-la bay youn lòt mazèt. Si nou kite kou sa pase nou nan ka e nou neye nan dlo paske nou pap fouti wè pou’n naje, pou nou sa sòti nan ma labou santi-a.

Sen Domeng ap monopolize li nan moniman nou yo
Liben : Peyi nou kontinye ap fè bak olye li fè avan. Sa ki fè nou mal sèke Sen Domeng ap fè kapital li nan touris k’ap vizite tout moniman nou yo par ekzanp Sitadèl-la. Sa pwouve ke nou pa gen dirijan pou regle zafè peyi a. N’ap mande si gen youn gouvènman nan peyi a. èske Sitadèl-la se pwopriyete Sen Domeng. Nou mande palmantè yo pou yo pran responsabilite yo. Nou tande youn zafè « HOPE » ki siyifi lespwa pou peyi a. N’ap mande palmantè yo pou yo etidye tout akò yo avèk tèt repoze youn fason pou yo debat yo pwen par pwen. Konstitisyon 1987-la bay nou aksè. Ki donk mande depa LONI san kondisyon. Ensekirite-a fini paske tout diplomat peyi etranje yo mande pou tout sitwayen yo ki vle envesti nan peyi a gen dwa rantre. Nou mande pou lame reprann plas li san tèt chaje e entengre jèn yo pou ekonomi peyi a sa rebalanse. Daprè sa nou tande se Nò k’ap benefisye avan pou touris kapab rantre nan Nò. Nou pa gen pwoblèm avèk sa. Men fòk nou kontwole byen ki moun k’ap alatèt mouvman sa-a.
Jonas : Nou gen uyoun apeti pou nou pale e bagay yo vin nan tèt nou an nou pa bezwen reflechi. Pou di nou pap plen kasèt patnè-a.
Liben : Se youn nèg ki san pwoblèm k’ap chèche enfòmasyon. Yo pa fòje enfòmasyon. Y’al chèche li pou pote li bay lekè yo e menm oditè yo.
Dirijan nou yo malonnèt anpil e yo se youn bann apatrid. Se yo menm ki vann peyi a e ki fè yo pa respekte nou. Meriken, Kanadyen e menm fransè ap jwe patisyon yo nan avantaj yo paske se «sòt ki bay, enbesil pa pran.»
Jonas : Men sa yo di nan mizik yo-a :
N’ap pwofite ankese
Nan youn peyi neglije
Kote lidè yo se ensanse
Yo pa konn dirije.
Nou aji nan bon kondisyon
Pou yuon bon solisyon
Ayiti se youn bon peyi
Li tounen youn paradi
Pou tout etranje ki ladann
Ayisyen yo tounen pwatann
To fèt kare ap tann
N’ap mande ki lè y’ap aprann.
Si yo pa reyaji kounnye a
L’ap vin  youn ti jan two ta
Ayiti se youn mèvèy
Li pa gen  parèy.
Liben : Nou antrave. Yo gen rezon yo paske nou pap regle anyen.
Jonas : Tout moun jwen youn ti mòso bè nan peyi a esepte nou menm Ayisyen natif-natal, yo bliye nan separasyon-an paske dirijan nou yo konnen  tèt yo sèlman.
Liben : Anverite, nou nan tout sa ki pa bon. Nou antrave avèk bann dirijan tèt chat sa yo. Nou pa wè anyen y’ap regle. Sa nou konstate ankò, chak moun gen Lajayèt, Dego’l, Wachinnton, Lenin, Mawo Setoun, Sandino, O Chi Min, Boliva, e menm Jose Mati. Men kou nou pale de Tousen Louvèti, Jan Jak Desalin, Anri Kristòf, Aleksann Petyon, Kapwa Lamò etc., yo mande nou pou nou sispann fè listwa. Charabya sa yo se bagay pase. Pinga nou pran nan fent sa yo paske nou gen anpil konpatriyòt ki sakrifye yo pou yo kenbe tradisyon-an ak tout kilti-a.
Jonas : Nou antre fon nan bèl istwa nou ke nou dwe kenbe tankou youn zouti. Se poutèt sa yo di : « Youn pèp san istwa, se youn pèp san kilti.»
Liben : Nou gen youn istwa ki etone lemonn  e se nou menm ki ouvri wout pou lòt jen erasyon yo. Nou fè valè nou.

Apèl pou tout Ayisyen konsène
Jonas : Nou gen youn peyi k’ap fini nan men nou. Moman-an rive pou nou pran responsabilite nou pou nou pa kite ti sourit sa vin nwi nou e anpeche nou fè tout sa ki bon pou retire peyi a nan sa li ye-la. Mete p`elen tou patou pou nou rive dezamose pyèj-la. Nèg yo gen pouvwa nan men yo pou yo fè tout sa yo vle. Nou pa dwe kite nou pran nan pyèj sa-a.
Liben : Mwen kwè se pou tout Ayisyen kale je yo pou yo pa pran nan youn lòt kou pa konprann. Ti Rene gen mwayen pou li itilize tout strateji pou li kenbe pouvwa-a oubyen ba younn nan zanmi li yo. Mwen pa kwè nou pral penyen lage pou kite cheve yo kou je’n pou nou sa pa wè.
Jonas : Nou mande pou tout pati politik yo fè youn sèl pou yo sa devye tout kou kèlkeswa kote l’ap sòti. Si nou pa degaje’n pou’n fè linyon sa-a, n’ap nan tout sa ki pa bon. Nou gen youn peyi ke lavalas-la pase ke li sakaje’l, nou dwe chèlche youn lòt altènativ pou nou rebati lakay. Ayisyen deyò yo, nou ede lakay nan tout sans. Doub nasyonalite-a bon, men nou pa fouti asepte nan nenpòt kondisyon ou sikonstans. Ti Rene konnen byen sa l‘ap fè. Nou wè kòman li jwe anpil pati politik pou li rive-la. Nou dwe pran tout prekosyon pou dout sis-la pa kochon nan men nou. Pa gen mwayen pou nou divize ankò paske divizyon pa rapòte anyen serye pou nou.

Bèl mouvman  pou jèn sou Bèlè
Liben : Ou di tout e ou fè tout, kouzen. Nou aplodi avèk kouraj inisyativ ke jèn sou Bèlè antreprann pou kreye youn klima sekirite. Yo chita avèk tèt repoze pou pran desizyon sa-a ke tout lòt gwoup dwe swiv pou mete youn klima sekirite nan peyi a pou youn pa pè lòt e ke chak Ayisyen dwe santi li alèz pou mache nenpòt kil è san kè sote. Lidè malè pa nan peyi a ankò e li mete tout moun nan tèt chaje. Nou kwè jou pou delivrans peyi a pa trè lwen. Nou gen dwa di chapo ba pou tout jèn sa yo ki pran bèl desizyon sa-a. M’sye Dom Laj, ki laj tout bon, ou mèt vin pran kòn-nan.
                                                                                                                                                           Dom Laj
                                                                                                                                         

Ajouter à: Add to your del.icio.us del.icio.us | Digg this story Digg

Commentaires (0 posté):

Postez votre commentaire comment

Entrez le code que vous voyez dans l'image s'il vous plait:

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
0