Newsletter
Email:
Poll: Satistaction
Etes vous satifait de la gestion de Mme. Pierre Louis
Home | Nos Bloggers | En Kreyol ak Dom Laj | Anpil manm nouvèl jenrasyon-an dwe mete dlo nan diven yo

Anpil manm nouvèl jenrasyon-an dwe mete dlo nan diven yo

Taille de la police: Decrease font Enlarge font

Port-au-Prince, Haïti— Se avèk lapenn n’ap tande e li tou, nan ki pwoblèm anpil jèn nouvèl jenerasyon-an tonbe jodi a ki lakòz yo viktim nan entimidasyon ki pa regle anyen pou yo paske yo pa tande pèsonn menm manman ak papa yo ke yo te dwe konsidere kòm konseye yo.
   Jodi a «devan pòt tounen dèyè kay,» paske ti moun yo pa gen okenn volonte pou yo fè bèl bagay paske yo pa koute konsèy gran moun e yo fè sa yo pi pito. Kote ti moun lontan te gen respè pou tout moun e menm mounn yo pa konnen. Kounnye a pa gen  prensip sa ankò k’al chita nan tiwa oubliyèt si pa gen youn travay ki fèt nan sosyete-a.
N’ap travèse youn enpas tèt chaje ke anpil nan nou ap mande ki kote lavi sila ap mennen nou pou sa n’ap wè e n’ap tande. Nou nan youn tan ki prèske fini pou jan bagay yo prale-a. Tout moun ki kretyen ap rele Bondye pou bay nou sekou paske bagay yo grav. Yo mete 2 jenou yo atè e leve 2 bra yo anlè pou wè si Granmèt-la ap koute priyè yo youn fason pou priyè-a monte e ke gras-la desann. Yo toujou gen lespwa ke youn jou sa va chanje e ke benediksyon va tonbe sou tè-a pou sove kèk nanm. Tandis ke sa yo rele vodouyizan yo ap jete dlo pou rele zanj ginen yo pou ba yo chemen-an. Lòt yo ki pa ni younn, ni lòt ap mennen lavi-a kote li vle ale paske yo pa bay tèt yo okenn pwoblèm nan zafè kwayans.
   An nou  li youn ti konvèzasyon ke 2 jèn te fè pandan yo te rankontre nan youn boutik bò lavil-la.
Sabina : Kòman ou ye Pola?
Pola : Mwen pa renmen jan mwen ye-a, men, mwen reziye’m paske pa gen anyen k’ap chanje nan peyi sa toutotan dirijan nou yo pa pran konsyans ke yo gen youn responsabilite. Sabrina, sanble nou nan tout sa ki pa bon.
Sabrina : Sè’m, ou pa manti non. Gran grann nou, gran papa nou pase nan menm penppenp-nan. Nou menm ap kontinye pase nan menm tenten-sa, menm maskarad sa-a ke dirijan san fwa, ni lwa pwovoke nan peyi a. Sa ki rete pou nou kouri rele anmwe-a pa anyen. Nou fin lekòl nou e nou pa fouti jwenn anyen pou nou fè. Nou chita sou kont papa ak manman ki pase kont mizè yo pou yo te kapab pèmèt nou fin klas nou. Bagay sa entolerab. Pou di yo konprann tout bon sa yo rele dirije youn peyi. Si yo te fè youn efò pou montre nou devouman yo, nou ta konprann ke se pa fòt yo.
Pola : Antouka, nou bon toujou, nou pa fè sa nou pa sipoze fè. Nou kenbe prestij nou ak diyite nou. Nou pap kite lajan fè nou fè tenten. Nou grangou, men nou pa saf. Nou pito pase mizè avèk youn sèl wòb olye nou penyen lage, pou nou di: «si nou te konnen.»
Sabrina : Moun ki fè tenten yo pa gen non nou. Pola, kite kantik pran priyè. Kòman Sofia ye?
Pola : Youn dan, youn pye. Sa pa bon menm pou Sonia. Ou konnen sa fè’m mal.
Sabrina : Ou kwè se lòt jou m’ap pale avèk Sonia, epi pitit-la gentan tonbe malad jiskaske ka li pa bon. Yo pa di ki maladi li soufri.
Pola : Pa gen bouch pou pale. Sonia pran nan pa konprann.
Sabrina : Kòman fè Sonia pran nan pa konprann-nan. Li ansent?
Pola : Pito te sa, pitit. Li ta gen youn soulajman aprè 9 mwa doulè, tankou moun ki pase lavi sa toujou di.
Sabrina : Kisa w’ap di konsa Pola? Mwen pa konprann pawòl andaki yo.
Pola : Mwen pale klè. Sonia kite lanmou ipokrit pote’l ale. Olye pou’l te kontinye fin fè klas li tankou nou menm, li te prefere jwèl marèl ki pete fy`el-li.
Sabrina : Kòman fyèl li fè pete?
Pola : Mechan yo nan lari-a san fwa, ni lwa. Se pa vini ki pou sove’w. Yo pa bezwen konnen pou yo pa bonbade’w.
Sabrina : Ou pa manti non. Obsèvasyon ou-a bon. Li koute youn vagabon pran nanm li pou’l sa penyen lage. Bondye fè pou nou, pa gen malè k’ap rive nou. Lè ti moun tande paran yo, tout bagay pase byen popu li. Nou menm pa gen pàn nan sa paske nou konpòte nou byen e nou senp.
Pola : Pa koute mete moun nan pwoblèm e li voye’w pafwa bwa chat  ou byen nan peyi san chapo. Mwen kwè se sa k’ap rive Sonia ki pran ti bèt-la daprè sa’m tande.
Sabrila : Ki sa Pola? Mwen pa tande. Ki fè Sonia fè jiskaske lin pran nan ratyè e nan pongongon. Adye! Sa fè’m lapenn e li fè’m mal anpil. Mwen pa fin kwè nouvèl-la. Se pou nou degaje’n pou nou al wè’l.

Twòp le-ale nan ajisman jèn yo
Pola; Se youn bòn ide. Daprè sa nouvèl rapòte, se ravaj maladi Sida ap fè nan mitan nouvèl jenerasyon-an paske ti moun yo pa fè abstinans e yo lage kòm yo nan dezòd gas ak limèt ki mete dife nan kay.
Sabrina : Kanta pou dwòg ak libètinaj-la, se pi bon plezi sou dal pou yo. Mwen pa konnen yo vle ale tèlman yo prese.
Pola : Yo menm bliye: «Twò prese pa fè jou louvri.»
Sabrina : Antouka, «Pito nou lèd, nou la.» Sa’w di pou sa Pola!.
Pola : Pozitif.
Sabrina : Yo pa fouti tann.
Pola : Se kòm si yo pral jwenn youn bon fòtin ou byen youn ja. Yo prese tankou pap gen anyen ditou ankò.
Sabrina : Yo pa panse. Yo tounen avèg pou bòy mennen yo ale.
Pola : Tout bagay chanje e menm monn-nan ap fini tout bon pou mete nou nan ka. Se Chinwa, nou pral oblije pale paske lachin ap byen mennen.
Sabrina : Ki fè nou pral oblije aprann chinwa.
Pola : Sètènman Sabrina. Lachin ap byen mennen nan evolisyon mondyal-la. Bagay yo chanje.
Sabrina : E pa’w vire nan politik.
Pola : Politik, se bagay nou fè chak jou nan tout sans. Kòm n’ap fè nouvèl mwen oblije ouvri ti parantèz sa-a.
Sabrina : Mwen konnen, Pola. Nou dwe pale de tout bagay pou evolisyon nou. Viv nan sèk fème-a fini. Nou nan tan konpitè kote tout bagay ap klarifye. Lendi, m’ap aprann ke youn dam ki sòti Nijerya e k’ap viv ak mari li nan Kwins nan Nouyòk. Madan sila tann lè dòmi pran mari li pou li vide youn dlo cho byen bouyi sou devan mari a ki boule 32 degre.
Pola : Sa se youn krim. Ou pa bezwen wè jan nèg sa ap soufri. Ki laj yo di li gen yen?
Sabrina : Manmzèl gen 67 tan.

Jalouzi fè moun fè tenten
Pola : Youn danrati kòn siye ki fin viv ki fè krim sa-a. Yo mèt mete li nan prizon avi. Sa se twòp ase. Youn moun paka mechan konsa.
Sabrina : Mwen kwè li nan prizon kounnye a. Manmzèl fè konnen se revanj l’ap fè paske mari ap plede bay ladann e li pa gen okenn respè pou li. Li ta divòse olye pou li ta fè krim sa-a. Medam yo mechan deyò-a.
Pola : Menm si moun- nan ap bay ladann, se pa youn rezon pou komèt krim nan sitou ou nan 67 tan. Sa pa gen non.
Sabrina : Mwen kwè, madan sa malonnèt. Mari ki gen pitye pou li di l’ap mande pou yo lage’l, pa mete nan prizon. L’ap divòse avèk li.
Pola : Sou pwen sa, gason gen anpil sansibilite. Kòman misye rele?
Sabrina : Sa ki bon yo, yo bon tout bon jiskaske yo tounen bonbon. Mwen kwè mwen sonje non tou 2. Misye rele Ojo Ojofettimi ki gen 67 tan e madanm-nan youn enfimyè tou ki gen 67 tan. Ki rele Oyindamola Pou youn kesyon adiltè, ou pèdi diyite moral ou. Mwen pa kwè dam sa te panse konsekans sa t’ap genyen. Jalouzi fè moun fè tenten. Li pran avoka pou ka-a.

Men youn lòt nouvèl tou
Sabrina : Ou pa tande nouvèl-la.
Pola : Ki nouvèl sa-a?
Sabrina : Yo fèt mete deyò youn rapò sou peyi nan karayib yo. Dominiken yo pote premye mayòl nan fè krim.
Pola : Pa ban mwen. Se pa san rezon ki fè y’ap touye Ayisyen yo konsa. Ou sonje Twouyiyo te fè masakre 37 mil Ayisyen. Sa pa etonan pou mwen ke yo se premye nasyon ki fè plis krim nan Etazini.
Sabrina : Youn rapò fè konnen ke yo depòte plis ke 50 mil kriminèl sòti plizyè kote nan karayib-la. Yo depòte 22,512 dominiken pandan 10 zan ki sot pase a. 14,006 jamayiken depote tou. 3,955 Ayisyen. Tandiske yo depòte 2,589 trinidadyen.
Pola : Sa se youn trajedi. Bagay yo grav. Se jèn yo k’ap bay pwoblèm konsa.
Sabrina : Yo pa rezone tankou nou. Mwen kwè si nou pa’t gen tèt nou byen plase sou zepòl nou, nou t’ap fè tenten tou. Mèsi Granmèt-la pou gwo favè ou fè nou-an.
Pola : Se youn papa nou pa fouti bliye pou byenfektè li.
Sabrina : Lidè Karikòm yo ap fè gwo demach pou yo wè si bagay sa sispann. Yo deja pale avèk prezidan Obama pou wè sa li kapab fè nan sitiyasyon sa-a. Mezanmi, gade ki lè li fè-la. Manman mwen pral pale anpil e l’ap di mwen se envalib.
Pola : Se metye yo. Depi nou konnen sa nou vo e nou pa fè sa’k pa sa, nou pa dwe gen pwoblèm.
Sabrina : Mwen dakò. Men se pou nou toujou kontinye ba yo respè yo merite. An’n ale avèk mwen pou’l pa pale anpil.
Pola : Pa gen pwoblèm, Sabrina.
Sabrina : Ala bèl bagay se disiplin ak respè.
                                                                                                                                                           Dom Laj
                                                                                                                                                     

Ajouter à: Add to your del.icio.us del.icio.us | Digg this story Digg

Commentaires (0 posté):

Postez votre commentaire comment

Entrez le code que vous voyez dans l'image s'il vous plait:

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
0